< Sòm 72 >

1 Yon Sòm a Salomon Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye, ak ladwati Ou a fis a wa a.
Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!
2 Li va jije pèp Ou a avèk ladwati, e aflije Ou yo, avèk jistis.
Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
3 Mòn yo va pote lapè a pèp la, e kolin yo, fwi ladwati a.
Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
4 Li va jije malere a pèp la. Li va fè sekou pou pitit a malere yo, e kraze opresè a an mòso.
Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
5 Yo va krent Ou pou tout tan ke solèy la klere ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.
Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
6 Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo, tankou farinaj ki wouze tè a.
Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.
7 Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri, avèk lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.
Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
8 Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a, e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.
L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
9 Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l, e lènmi li yo va niche pousyè a.
Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.
10 Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.
Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.
11 Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.
Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.
12 Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou; aflije a tou, lè l san soutyen an.
L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.
13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an. Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.
14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans, e san yo va chè nan zye Li.
L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!
15 Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm. Moun va priye pou li san rete. Yo va beni li tout lajounen.
Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.
16 Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a, fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo. Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.
Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
17 Non li va dire jis pou tout tan. Non li va la toutotan solèy la ap briye a. Tout lezòm va beni pa li. Tout nasyon yo va rele li beni.
Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
18 Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!
Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
19 Beni se non laglwa Li jis pou tout tan! Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li! Amen e amen.
Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
20 Priyè yo a David, fis la a Jesse fini.
Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.

< Sòm 72 >