< Sòm 71 >

1 Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij. Pa janm kite mwen vin wont.
ヱホバよ我なんぢに依頼む ねがはくは何の日までも恥うくることなからしめ給へ
2 Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou. Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.
なんぢの義をもて我をたすけ我をまぬかれしめたまへ なんぢの耳をわれに傾けて我をすくひたまへ
3 Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an, kote mwen kab vini tout tan. Ou te pase lòd pou sove mwen, paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen.
ねがはくは汝わがすまひの磐となりたまへ われ恒にそのところに往ことを得ん なんぢ我をすくはんとて勅命をいだしたまへり そは汝はわが磐わが城なり
4 Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo, Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
わが神よあしきものの手より不義残忍なる人のてより 我をまぬかれしめたまへ
5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye, Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
主ヱホバよなんぢはわが望なり わが幼少よりの恃なり
6 Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.
われ胎をはなるるより汝にまもられ母の腹にありしときより汝にめぐまれたり 我つねに汝をほめたたへん
7 Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun, men se Ou ki fò refij mwen.
我おほくの人にあやしまるるごとき者となれり 然どなんぢはわが堅固なる避所なり
8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou ak glwa Ou tout lajounen.
なんぢの頌辭となんぢの頌美とは終日わが口にみちん
9 Pa jete mwen akote nan tan vyeyès mwen. Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
わが年老ぬるとき我をすてたまふなかれ わが力おとろふるとき我をはなれたまなかれ
10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen. (Sila) k ap veye pou pran lavi m yo ap pran konsèy ansanm,
わが仇はわがことを論ら ひわが霊魂をうかがふ者はたがひに議ていふ
11 Y ap di: “Bondye fin abandone li. Annou kouri dèyè l, e sezi li. Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”
神かれを離れたり彼をたすくる者なし かれを追てとらへよと
12 O Bondye, pa rete lwen mwen. O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
神よわれに遠ざかりたまふなかれ わが神よとく來りて我をたすけたまへ
13 Kite (sila) ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt. Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap chache blese mwen.
わがたましひの敵ははぢ且おとろへ我をそこなはんとするものは謗と辱とにおほはれよ
14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan. Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.
されど我はたえず望をいだきていやますます汝をほめたたへん
15 Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.
わが口はひねらす汝の義となんぢの救とをかたらん われその數をしらざればなり
16 Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a. Mwen va pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.
われは主ヱホバの大能の事跡をたづさへゆかん われは只なんぢの義のみをかたらん
17 O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen. Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
神よなんぢわれを幼少より教へたまへり われ今にいたるまで汝のくすしき事跡をのべつたへたり
18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m, jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon (sila) a, ak pwisans Ou a tout (sila) k ap vini yo.
神よねがはくはわれ老て頭髪しろくなるとも我がなんぢの力を次代にのべつたへ なんぢの大能を世にうまれいづる凡のものに宜傅ふるまで我をはなれ給ふなかれ
19 Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?
神よなんぢの義もまた甚たかし なんぢは大なることをなしたまへり 神よたれか汝にひとしき者あらんや
20 Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.
汝われらを多のおもき苦難にあはせたまへり なんぢ再びわれらを活しわれらを地の深所よりあげたまはん
21 Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.
ねがはくは我をいよいよ大ならしめ歸りきたりて我をなぐさめ給へ
22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen. A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita, O (Sila) Ki Sen an Israël la.
わが神よさらばわれ筝をもて汝をほめ なんぢの眞實をほめたたへん イスラエルの聖者よわれ琴をもてなんぢを讃うたはん
23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm pou nanm mwen ke Ou te rachte a.
われ聖前にうたときわが口唇よろこびなんぢの贖ひたまへるわが霊魂おほいに喜ばん
24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen. Paske yo wont, yo imilye, (Sila) ki te chache fè m mal yo.
わが舌もまた終日なんぢの義をかたらん われを害はんとするもの愧惶つればなり

< Sòm 71 >