< Sòm 7 >
1 Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush. O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache. Sove mwen de tout (sila) k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
“A psalm of David, which he sang to Jehovah, on account of the reproaches of Cush the Benjamite.” O Jehovah, my God! to thee do I look for help; Save me from them that persecute me, and deliver me!
2 sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
Lest mine enemy tear me like a lion; Lest he rend me in pieces, while there is none to help.
3 O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, si gen enjistis nan men m,
O Jehovah, my God! if I have done this, —If there be iniquity upon my hands,
4 si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen, oswa te piyaje (sila) ki te lènmi mwen a san koz la,
If I have rendered evil to my friend, Or have despoiled him that without cause is mine enemy, —
5 kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen jiskaske li pran l, epi kite li foule lavi mwen jis atè. Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. Tan
Let my adversary pursue and take me; Let him trample me to the ground, And lay me prostrate in the dust! (Pause)
6 Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo. Leve Ou menm pou mwen; Ou menm ki te etabli jijman an.
Arise, O LORD! in thine anger; Lift thyself up against the rage of mine enemies; Awake for me, ordain judgment!
7 Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou. Gouvènen yo, depi an wo.
Let the assembly of the nations compass thee about, And on their account return to the height!
8 Se SENYÈ a ki jije pèp yo. Fè m jistis O SENYÈ, selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
The LORD judgeth the nations; Judge me, O LORD! according to my righteousness, And requite me according to my integrity!
9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli (sila) ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.
Oh, let the wickedness of the wicked be at an end; But establish the righteous! For the righteous God trieth the heart and the reins.
10 Boukliye mwen se avèk Bondye, ki sove (sila) ki dwat yo.
My shield is with God, Who saveth the upright in heart.
11 Bondye se yon jij ki jis e ki rayi enjistis chak jou.
God is a righteous judge, And a God who is angry every day.
12 Si yon nonm pa repanti, La p file nepe Li. Li deja koube banza Li; Li prèt.
If he do not desist, He sharpeneth his sword; He bendeth his bow, and maketh it ready;
13 Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo. Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
He prepareth for him the instruments of death; He shooteth his burning arrows.
14 Gade byen, l ap lite nan mechanste. Wi, li plante jèm mechanste a, epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.
Behold, he travailed with iniquity, And conceived mischief, But hath brought forth disappointment!
15 Li te fouye yon twou, kreve l nèt, e vin tonbe nan twou ke li te fè a.
He made a pit and digged it. And is fallen into the ditch which he made.
16 Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li, e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
His mischief returneth upon his own head, And his violence cometh down upon his own skull.
17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li. Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a, Toupwisan an.
I will praise the LORD according to his righteousness; I will sing praise to the name of the LORD most high.