< Sòm 68 >

1 Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Kite Bondye leve! Kite lènmi Li yo vin gaye! Kite (sila) ki rayi Li yo sove ale devan L.
Zborovođi. Davidov. Psalam. Pjesma. Bog nek' ustane! Razbježali se dušmani njegovi! Svi mrzitelji njegovi pobjegli pred njim!
2 Kon lafimen konn chase, konsa, chase yo. Kon lasi kon fonn devan dife, konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.
Kao što dim iščezava, i njih neka nestane! Kako se vosak topi na ognju, nek' nestane grešnika pred licem Božjim!
3 Men kite moun ladwati yo fè kè kontan. Kite yo leve wo devan Bondye. Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
Pravedni neka se raduju, neka klikću pred Bogom, neka kliču od radosti.
4 Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li! Leve wo pou (Sila) ki monte sou nwaj yo: non l se SENYÈ a! Rejwi devan Li an!
Pjevajte Bogu, slavite mu ime! Poravnajte put onome koji ide pustinjom - kojemu je ime Jahve - i kličite pred njim!
5 Yon papa pou òfelen yo e yon jij pou vèv yo, se Bondye nan lye sen Li an.
Otac sirota, branitelj udovica, Bog je u svom svetom šatoru.
6 Bondye fè yon fanmi pou (sila) ki pa genyen an. Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo, men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
Napuštene okućit će Jahve, sužnjima pružit' sretnu slobodu: buntovnici samo ostaše u sažganoj pustinji.
7 O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a, lè Ou te mache travèse dezè a,
Kad si stupao, Bože, pred narodom svojim, dok si prolazio pustinjom,
8 tè a te souke. Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye, prezans Bondye Sinaï lan. Mond la li menm tè a souke devan prezans Bondye a, Bondye Israël la.
tresla se zemlja, nebo se rosilo pred Bogom, Sinaj drhtao pred Bogom, Bogom Izraela.
9 Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli. Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
Blagoslovljen dažd pustio si, Bože, na baštinu svoju, okrijepio je umornu.
10 Moun pa Ou yo te vin rete ladann. Ou te founi tout bonte Ou pou malere yo, O Bondye.
Stado se tvoje nastani u njoj, u dobroti, Bože, ti je spremi siromahu.
11 Senyè a te anonce pawòl la. Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.
Jahve riječ zadaje, veliko je mnoštvo radosnih vjesnika:
12 “Wa lame yo sove ale! Yo kouri! Fanm nan rete nan kay la divize piyaj la!
kraljevi vojska bježe te bježe, domaćice plijen dijele.
13 Lè ou kouche nan pak mouton yo, se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e plim li ak lò briyan.
Dok vi počivaste među stadima, krila golubice zablistaše srebrom, a njeno perje žućkastim zlatom:
14 Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a, Nèj t ap tonbe sou Tsalmon.
ondje Svemogući razbijaše kraljeve, a ona poput snijega zablista na Salmonu.
15 Yon mòn Bondye se Mòn Basan. Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.
Božanska je gora gora bašanska vrletna.
16 Poukisa nou gade ak anvi, O tout lòt mòn yo? Sou mòn ke Bondye te apwente konn abitasyon Li an? Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
Zašto vi, gore vrletne, zavidno gledate na goru gdje se svidje Bogu prebivati? Jahve će na njoj boraviti svagda!
17 Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye. Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.
Božja su kola bezbrojna, tisuću tisuća: Jahve sa Sinaja u Svetište dolazi!
18 Ou te monte an wo. Ou te mennen kaptif yo sòti. Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm, menm pami rebèl yo tou, pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
Na visinu uzađe vodeći sužnje, na dar si ljude primio, pa i one što ne žele prebivati kod Boga.
19 Beni se Senyè a, ki pote fado nou chak jou, Bondye ki se delivrans nou an. Tan
Blagoslovljen Jahve dan za danom, nosi nas Bog, naš Spasitelj.
20 Bondye pou nou se yon Bondye delivrans. Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
Bog naš jest Bog koji spasava, Jahve od smrti izbavlja.
21 Anverite, Bondye va kraze tèt lènmi Li yo, tèt la menm ak cheve a (sila) ki pèsiste nan mechanste li yo.
Zaista, Bog će satrti glave dušmana svojih, kuštravo tjeme onog što hodi u grijesima.
22 Senyè a te di: “Mwen va mennen fè yo sòti Basan. Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,
Reče Gospodin: “Iz Bašana ću ih dovesti, dovest ću ih iz dubine mora,
23 pou pye ou kapab kraze yo bay san, jis lang chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi a.”
da okupaš nogu u krvi, da jezici tvojih pasa imadnu dio od dušmana.”
24 Yo te wè pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye, pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen, pou antre nan sanktiyè a.
Ulazak ti, Bože, gledaju, ulazak moga Boga i Kralja u Svetište:
25 Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv, nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
sprijeda pjevači, za njima svirači, u sredini djevojke s bubnjićima.
26 Beni Bondye nan asanble yo, SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.
“U svečanim zborovima slavite Boga, slavite Jahvu, sinovi Izraelovi!”
27 Men gade Benjamin, pi piti an Israël la, k ap renye sou yo, prens a Juda ki konseyè yo, prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
Predvodi ih najmlađi, Benjamin, koji ide pred njima, ondje su knezovi Judini sa četama svojim, knezovi Zebulunovi i knezovi Naftalijevi.
28 Bondye ou a te kòmande fòs Ou. Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.
Pokaži, Bože, silu svoju, silu kojom se, Bože, boriš za nas
29 Akoz tanp Jérusalem Ou a, wa yo va mennen kado bay Ou.
iz Hrama svojega u Jeruzalemu! Nek' ti kraljevi darove donose!
30 Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a, twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo. Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo. Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
Ukroti neman u trsci, stado bikova s teladi naroda! Neka se prostru pred tobom sa srebrnim žezlima: rasprši narode koji se ratu vesele!
31 Prens yo va sòti an Égypte. Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.
Nek' dođu velikani iz Egipta, Etiopija nek' pruži ruke Bogu!
32 Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo, Chante lwanj a Senyè a, Tan
Sva kraljevstva svijeta, pjevajte Bogu, slavite Jahvu,
33 A (Sila) ki vwayaje monte sou pi wo syèl la, ki la depi nan tan ansyen yo. Gade byen, Li pale ak gwo vwa, yon vwa plen pwisans.
koji se vozi po nebu, po nebu iskonskom! Čuj, glasom grmi, glasom svojim silnim:
34 Rekonèt fòs Bondye a! Majeste Li sou tout Israël, pwisans Li nan syèl yo.
“Priznajte silu Božju!” Nad Izraelom veličanstvo njegovo, u oblacima (sila) njegova!
35 O Bondye, Ou etonnan nan sanktiyè Ou yo. Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo. Beni se Bondye!
Strašan je Bog iz svojega Svetišta. Bog Izraelov daje moć i silu narodu svojemu. Blagoslovljen Bog!

< Sòm 68 >