< Sòm 67 >

1 Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
למנצח בנגינת מזמור שיר ב אלהים יחננו ויברכנו יאר פניו אתנו סלה
2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo.
לדעת בארץ דרכך בכל-גוים ישועתך
3 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.
יודוך עמים אלהים יודוך עמים כלם
4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan
ישמחו וירננו לאמים כי-תשפט עמים מישר ולאמים בארץ תנחם סלה
5 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.
יודוך עמים אלהים יודוך עמים כלם
6 Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
ארץ נתנה יבולה יברכנו אלהים אלהינו
7 Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.
יברכנו אלהים וייראו אותו כל-אפסי-ארץ

< Sòm 67 >