< Sòm 66 >

1 Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!
Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!
2 Chante glwa a non Li! Ranpli lwanj Li ak laglwa!
Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!
3 Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.
Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
4 Tout latè va fè adorasyon a Ou menm. Li va chante lwanj Ou. Tout va chante lwanj a non Ou; Tan
Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
5 Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.
Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.
6 Li te chanje lanmè a an tè sèch. Yo te pase travèse rivyè apye. La menm, nou te rejwi nan Li!
Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
7 Li renye ak pwisans pou tout tan. Zye Li veye sou nasyon yo. Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?
8 Beni Bondye nou an, O pèp yo! Fè lwanj Li sone,
Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!
9 ki kenbe nou pami vivan yo, e ki pa kite pye nou glise.
Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.
10 Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.
Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.
11 Ou te rale nou antre nan filè a. Ou te mete yon fado lou sou ren nou.
Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.
12 Ou te fè moun monte sou tèt nou. Nou te pase nan dife ak nan dlo, men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.
Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.
13 Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile. Mwen va peye Ou ve mwen yo,
M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
14 ki te sòti nan lèv mwen, ke bouch mwen te pale lè m te nan gwo twoub yo.
M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la.
15 Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo, avèk lafimen a belye yo. Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.
M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.
16 Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.
vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.
17 Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen. Ak lang mwen, mwen te leve Li wo.
Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li.
18 Si mwen gade inikite nan kè m, Senyè a p ap koute mwen.
Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.
19 Men anverite, Bondye te tande. Li te teni kont de vwa a priyè mwen.
Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè.
20 Beni se Bondye, ki pa t refize koute lapriyè mwen, ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.
Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.

< Sòm 66 >