< Sòm 65 >

1 Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan. Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion. Ve yo va fèt anvè Ou.
למנצח מזמור לדוד שיר לך דמיה תהלה אלהים בציון ולך ישלם נדר׃
2 O Ou menm ki tande priyè yo, a Ou menm tout moun vini.
שמע תפלה עדיך כל בשר יבאו׃
3 Inikite m t ap kanpe kont mwen; men pou transgresyon nou yo, Ou kouvri yo.
דברי עונת גברו מני פשעינו אתה תכפרם׃
4 A la beni se (sila) ke Ou chwazi a e mennen toupre, pou l ka rete nan lakou Ou. Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou, sen tanp Ou a.
אשרי תבחר ותקרב ישכן חצריך נשבעה בטוב ביתך קדש היכלך׃
5 Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, O Bondye sali nou an. Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an.
נוראות בצדק תעננו אלהי ישענו מבטח כל קצוי ארץ וים רחקים׃
6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou, Akoz Ou pran zam pwisans Ou.
מכין הרים בכחו נאזר בגבורה׃
7 Ou kalme raj vag lanmè yo, Avèk gwo boulvèsman lanm yo.
משביח שאון ימים שאון גליהם והמון לאמים׃
8 (Sila) ki rete jis nan dènye pwent latè yo kanpe byen etone a mèvèy Ou yo. Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.
וייראו ישבי קצות מאותתיך מוצאי בקר וערב תרנין׃
9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans. Ou anrichi li anpil. Flèv Bondye a plen ak dlo. Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l.
פקדת הארץ ותשקקה רבת תעשרנה פלג אלהים מלא מים תכין דגנם כי כן תכינה׃
10 Ou wouze tranch li yo an abondans. Ou fè do li vin poze. Ou fè l vin mou ak lapli an abondans; Ou beni kwasans plant li.
תלמיה רוה נחת גדודיה ברביבים תמגגנה צמחה תברך׃
11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou. Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.
עטרת שנת טובתך ומעגליך ירעפון דשן׃
12 Patiraj nan dezè yo gen abondans, Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.
ירעפו נאות מדבר וגיל גבעות תחגרנה׃
13 Chan yo abiye menm ak bann mouton. Vale yo fin ranpli ak sereyal. Yo rele fò ak lajwa! Konsa, yo chante.
לבשו כרים הצאן ועמקים יעטפו בר יתרועעו אף ישירו׃

< Sòm 65 >