< Sòm 64 >

1 Pou direktè koral la. Yon Sòm David. Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.
2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, kont boulvèsman a (sila) ki fè mechanste yo.
Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
3 Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
4 pou tire an kachèt sou (sila) ki inosan yo. Sibitman yo tire sou li, san lakrent.
Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”
Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?
6 Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.
Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
7 Men Bondye va tire sou yo avèk yon flèch. Sibitman, yo va blese.
Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
8 Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.
Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
9 Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.
Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.
10 Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.
Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.

< Sòm 64 >