< Sòm 63 >

1 Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a. O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
מזמור לדוד בהיותו במדבר יהודה ב אלהים אלי אתה-- אשחרך צמאה לך נפשי-- כמה לך בשרי בארץ-ציה ועיף בלי-מים
2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a, ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
כן בקדש חזיתך-- לראות עזך וכבודך
3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi, lèv mwen va louwe Ou.
כי-טוב חסדך מחיים שפתי ישבחונך
4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou.
כן אברכך בחיי בשמך אשא כפי
5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa.
כמו חלב ודשן תשבע נפשי ושפתי רננות יהלל-פי
6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen, mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.
אם-זכרתיך על-יצועי-- באשמרות אהגה-בך
7 Paske Ou te konn sekou mwen. Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
כי-היית עזרתה לי ובצל כנפיך ארנן
8 Nanm mwen kole ak Ou. Men dwat Ou fè m kenbe.
דבקה נפשי אחריך בי תמכה ימינך
9 Men (sila) ki chache lavi mwen pou detwi li yo, va desann jis nan fon latè.
והמה--לשואה יבקשו נפשי יבאו בתחתיות הארץ
10 Yo va livre a pouvwa nepe. Yo va tounen manje pou rena mawon.
יגירהו על-ידי-חרב מנת שעלים יהיו
11 Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a (sila) ki bay manti yo, va fèmen.
והמלך ישמח באלהים יתהלל כל-הנשבע בו כי יסכר פי דוברי-שקר

< Sòm 63 >