< Sòm 61 >

1 Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David Koute kri mwen, O Bondye. Prete atansyon a lapriyè mwen.
برای رهبر سرایندگان: با همراهی سازهای زهی. مزمور داوود. ای خدا، فریادم را بشنو و دعای مرا اجابت فرما!
2 Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
از این دیار غریب، تو را به کمک می‌طلبم. مرا که فکرم پریشان است به پناهگاهی امن هدایت کن.
3 Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo.
زیرا تو در برابر دشمنانم حامی و پناهگاه من بوده‌ای.
4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan. Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan
بگذار تمام عمرم در خیمهٔ تو ساکن شوم و در زیر سایهٔ بالهای تو پناه گیرم.
5 Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. Ou te ban mwen eritaj a (sila) ki gen krent non Ou yo.
خدایا، تو قولهایی را که داده‌ام، شنیده‌ای، و برکاتی را نصیبم ساخته‌ای که به کسانی که نام تو را گرامی می‌دارند، می‌بخشی.
6 Ou va fè lavi a wa a byen long. Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.
به پادشاه عمر طولانی عطا کن تا سالیان سال سلطنت کند.
7 Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
باشد که تا ابد در حضور تو ای خدا، او حکومت کند. او را با محبت و وفاداری خود محافظت فرما.
8 Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan. Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.
پس همیشه تو را ستایش خواهم کرد و هر روز به قولهایی که به تو داده‌ام وفا خواهم نمود.

< Sòm 61 >