< Sòm 60 >
1 Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”. Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la. O Bondye, Ou te rejte nou. Ou te kraze nou. Ou te fache. O restore nou ankò.
O God thou have cast us off. Thou have broken us down. Thou have been angry. O restore us again.
2 Ou te fè latè tranble. Ou te fann li pou l ouvri. Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
Thou have made the land to tremble. Thou have torn it. Heal the breaking of it, for it shakes.
3 Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di. Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.
Thou have shown thy people hard things. Thou have made us to drink the wine of staggering.
4 Ou te bay yon drapo pou (sila) ki gen lakrent Ou yo, pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan
Thou have given a banner to those who fear thee, that it may be displayed because of the truth. (Selah)
5 Pou byeneme Ou yo kab delivre, Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!
That thy beloved ones may be delivered, save with thy right hand, and answer us.
6 Bondye te pale nan sentete Li: “Mwen va triyonfe! Mwen va divize Sichem e tire yon lin nan vale Succoth la.
God has spoken in his holiness. I will exult. I will divide Shechem, and mete out the valley of Succoth.
7 Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M. Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen. Juda se baton wayal Mwen an.
Gilead is mine, and Manasseh is mine. Ephraim also is the defense of my head. Judah is my scepter.
8 Moab se basen lave Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen. Mwen rele viktwa sou peye Filisten yo.”
Moab is my wash pot. Upon Edom I will cast my shoe. Philistia, shout thou because of me.
9 Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la? Kilès k ap mennen mwen antre Edom?
Who will bring me into the strong city? Who has led me to Edom?
10 Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou? Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
Have not thou, O God, cast us off? And thou go not forth, O God, with our armies.
11 O bannou sekou kont advèsè a, paske delivrans pa lòm se an ven.
Give us help against the adversary, for vain is the help of man.
12 Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj. Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.
Through God we shall do valiantly, for he it is who will tread down our adversaries.