< Sòm 6 >

1 Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd. Yon sòm David. O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.
ヱホバよねがはくは忿恚をもて我をせめ烈しき怒をもて我をこらしめたまふなかれ
2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
ヱホバよわれを憐みたまへ われ萎みおとろふなり ヱホバよ我を醫したまへ わが骨わななきふるふ
3 epi nanm mwen fè gwo chagren. Men Ou, O SENYÈ, —jiskilè?
わが霊魂さへも甚くふるひわななく ヱホバよかくて幾何時をへたまふや
4 Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
ヱホバよ歸りたまへ わがたましひを救ひたまへ なんぢの仁慈の故をもて我をたすけたまへ
5 Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman? (Sheol h7585)
そは死にありては汝をおもひいづることなし 陰府にありては誰かなんぢに感謝せん (Sheol h7585)
6 Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
われ歎息にてつかれたり 我よなよな床をただよはせ涙をもてわが衾をひたせり
7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
わが目うれへによりておとろへ もろもろの仇ゆゑに老ぬ
8 Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
なんぢら邪曲をおこなふ者ことごとく我をはなれよ ヱホバはわが泣こゑをききたまひたり
9 SENYÈ a te tande demand priyè mwen. SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
ヱホバわが懇求をききたまへり ヱホバわが祈をうけたまはん
10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.
わがもろもろの仇ははぢて大におぢまどひ あわただしく恥てしりぞきぬ

< Sòm 6 >