< Sòm 59 >
1 Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l. Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de (sila) ki leve kont mwen yo.
Psalmus, in finem, ne corrumpas, David in tituli inscriptionem, quando misit Saul, et custodivit domum eius, ut eum interficeret. Eripe me de inimicis meis Deus meus: et ab insurgentibus in me libera me.
2 Delivre m de (sila) ki fè inikite yo, e sove mwen de moun ki vèse san yo.
Eripe me de operantibus iniquitatem: et de viris sanguinum salva me.
3 Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m. Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo, pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
Quia ecce ceperunt animam meam: irruerunt in me fortes.
4 Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an. Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!
Neque iniquitas mea, neque peccatum meum Domine: sine iniquitate cucurri, et direxi.
5 Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la, leve e pini tout nasyon yo. Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan
Exurge in occursum meum, et vide: et tu Domine Deus virtutum, Deus Israel, Intende ad visitandas omnes gentes: non miserearis omnibus, qui operantur iniquitatem.
6 Yo retounen nan aswè. Yo rele tankou chen pandan yo antoure lavil la.
Convertentur ad vesperam: et famem patientur ut canes, et circuibunt civitatem.
7 Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. Nepe yo nan lèv yo, paske yo di: “Kilès ki tande”?
Ecce loquentur in ore suo, et gladius in labiis eorum: quoniam quis audivit?
8 Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo! Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
Et tu Domine deridebis eos: ad nihilum deduces omnes gentes.
9 O Fòs mwen, m ap veye tann Ou. Bondye se sitadèl mwen.
Fortitudinem meam ad te custodiam, quia Deus susceptor meus es:
10 Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m. Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.
Deus meus misericordia eius praeveniet me.
11 Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.
Deus ostendit mihi super inimicos meos, ne occidas eos: nequando obliviscantur populi mei. Disperge illos in virtute tua: et depone eos protector meus Domine:
12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo, Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo. Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
Delictum oris eorum, sermonem labiorum ipsorum: et comprehendantur in superbia sua. Et de execratione et mendacio annunciabuntur
13 Detwi yo nan kòlè Ou! Detwi yo pou yo disparèt nèt. Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob, jis rive sou tout latè. Tan
in consummatione: in ira consummationis, et non erunt. Et scient quia Deus dominabitur Iacob: et finium terrae.
14 Kite yo retounen nan aswè. Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.
Convertentur ad vesperam, et famem patientur ut canes: et circuibunt civitatem.
15 Yo gaye toupatou. Yap tan tout lanwit si yo pa satisfè.
Ipsi dispergentur ad manducandum: si vero non fuerint saturati, et murmurabunt.
16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou. Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten. Paske Ou te toujou sitadèl mwen, yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
Ego autem cantabo fortitudinem tuam: et exaltabo mane misericordiam tuam. Quia factus es susceptor meus, et refugium meum, in die tribulationis meae.
17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm. Paske Bondye se sitadèl mwen, Bondye ki montre mwen lanmou dous la.
Adiutor meus tibi psallam, quia Deus susceptor meus es: Deus meus misericordia mea.