< Sòm 58 >
1 Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo? Èske nou jije san fòt, O fis a lòm yo?
For the end. Destroy not: by David, for a memorial. If you do indeed speak righteousness, [then] do you judge rightly, you sons of men.
2 Non, nan kè, nou fòmante inikite. Sou latè, nou peze balans pou separe bay vyolans ak men nou.
For you work iniquities in [your] hearts in the earth: your hands plot unrighteousness.
3 Mechan yo pèvès depi nan vant. (Sila) ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.
Sinners have gone astray from the womb: they go astray from the belly: they speak lies.
4 Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan. Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,
Their venom is like [that] of a serpent; as [that] of a deaf asp, and that stops her ears;
5 pou li pa tande vwa a (sila) k ap chame li yo, malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga.
which will not hear the voice of charmers, nor [heed] the charm prepared skilfully by the wise.
6 O Bondye, kraze dan nan bouch yo! Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
God has crushed their teeth in their mouth: God has broken the cheek-teeth of the lions.
7 Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè. Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
They shall utterly pass away like water running through: he shall bend his bow till they shall fail.
8 Kite yo tankou kalmason ki fonn, ki vin disparèt pandan l ap mache, tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.
They shall be destroyed as melted wax: the fire has fallen and they have not seen the sun.
9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo, Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon; vèt ak (sila) kap brile yo, ansanm.
Before your thorns feel the white thorn, he shall swallow you up as living, as in his wrath.
10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan. Li va lave pye li nan san a mechan yo,
The righteous shall rejoice when he sees the vengeance of the ungodly: he shall wash his hands in the blood of the sinner.
11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo. Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”
And a man shall say, Verily then there is a reward for the righteous: verily there is a God that judges them in the earth.