< Sòm 57 >

1 Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.
לַמְנַצֵּחַ אַל־תַּשְׁחֵת לְדָוִד מִכְתָּם בְּבׇרְחוֹ מִפְּנֵי־שָׁאוּל בַּמְּעָרָֽה׃ חׇנֵּנִי אֱלֹהִים ׀ חׇנֵּנִי כִּי בְךָ חָסָיָה נַפְשִׁי וּבְצֵֽל־כְּנָפֶיךָ אֶחְסֶה עַד יַעֲבֹר הַוּֽוֹת׃
2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
אֶקְרָא לֵֽאלֹהִים עֶלְיוֹן לָאֵל גֹּמֵר עָלָֽי׃
3 Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a (sila) ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
יִשְׁלַח מִשָּׁמַיִם ׀ וְֽיוֹשִׁיעֵנִי חֵרֵף שֹׁאֲפִי סֶלָה יִשְׁלַח אֱלֹהִים חַסְדּוֹ וַאֲמִתּֽוֹ׃
4 Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami (sila) k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
נַפְשִׁי ׀ בְּתוֹךְ לְבָאִם אֶשְׁכְּבָה לֹהֲטִים בְּֽנֵי־אָדָם שִׁנֵּיהֶם חֲנִית וְחִצִּים וּלְשׁוֹנָם חֶרֶב חַדָּֽה׃
5 Leve anwo syèl yo, O Bondye; Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
רוּמָה עַל־הַשָּׁמַיִם אֱלֹהִים עַל כׇּל־הָאָרֶץ כְּבוֹדֶֽךָ׃
6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan
רֶשֶׁת ׀ הֵכִינוּ לִפְעָמַי כָּפַף נַפְשִׁי כָּרוּ לְפָנַי שִׁיחָה נָפְלוּ בְתוֹכָהּ סֶֽלָה׃
7 Kè m kanpe fèm, O Bondye, kè m fèm. Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
נָכוֹן לִבִּי אֱלֹהִים נָכוֹן לִבִּי אָשִׁירָה וַאֲזַמֵּֽרָה׃
8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita! Mwen va fè maten vin leve.
עוּרָה כְבוֹדִי עוּרָֽה הַנֵּבֶל וְכִנּוֹר אָעִירָה שָּֽׁחַר׃
9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
אוֹדְךָ בָעַמִּים ׀ אֲדֹנָי אֲזַמֶּרְךָ בַּלְאֻמִּֽים׃
10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo, epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
כִּֽי־גָדֹל עַד־שָׁמַיִם חַסְדֶּךָ וְֽעַד־שְׁחָקִים אֲמִתֶּֽךָ׃
11 Leve anwo syèl yo, O Bondye. Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.
רוּמָה עַל־שָׁמַיִם אֱלֹהִים עַל כׇּל־הָאָרֶץ כְּבוֹדֶֽךָ׃

< Sòm 57 >