< Sòm 56 >
1 Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath. Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An” Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
in finem pro populo qui a sanctis longe factus est David in tituli inscriptione cum tenuerunt eum Allophili in Geth miserere mei Deus quoniam conculcavit me homo tota die inpugnans tribulavit me
2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout (sila) ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
conculcaverunt me inimici mei tota die quoniam multi bellantes adversum me
3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
ab altitudine diei timebo ego vero in te sperabo
4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
in Deo laudabo sermones meos in Deo speravi non timebo quid faciat mihi caro
5 Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal.
tota die verba mea execrabantur adversum me omnia consilia eorum in malum
6 Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. Y ap tann pou rache lavi m.
inhabitabunt et abscondent ipsi calcaneum meum observabunt sicut sustinuerunt animam meam
7 Akoz mechanste sa a, jete yo deyò. Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
pro nihilo salvos facies illos in ira populos confringes Deus
8 Ou te byen konte tout egare mwen fè. Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou. Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?
vitam meam adnuntiavi tibi posuisti lacrimas meas in conspectu tuo sicut et in promissione tua
9 Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
tunc convertentur inimici mei retrorsum in quacumque die invocavero te ecce cognovi quoniam Deus meus es
10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li. Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
in Deo laudabo verbum in Domino laudabo sermonem
11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
in Deo speravi non timebo quid faciat mihi homo
12 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye. Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
in me sunt Deus vota tua; quae reddam laudationes tibi
13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.
quoniam eripuisti animam meam de morte et pedes meos de lapsu ut placeam coram Deo in lumine viventium