< Sòm 55 >

1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo Yon Refleksyon David Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye. Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.
大卫的训诲诗,交与伶长。用丝弦的乐器。 神啊,求你留心听我的祷告, 不要隐藏不听我的恳求!
2 Prete atansyon a mwen e reponn mwen. Mwen pa alèz nan plent mwen yo. Anverite, mwen deranje nèt
求你侧耳听我,应允我。 我哀叹不安,发声唉哼,
3 akoz vwa lènmi an, akoz presyon mechan an. Paske yo pote twoub desann sou mwen. Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.
都因仇敌的声音,恶人的欺压; 因为他们将罪孽加在我身上,发怒气逼迫我。
4 Kè m twouble anndan m. Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.
我心在我里面甚是疼痛; 死的惊惶临到我身。
5 Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen. Mwen etone jiskaske m debòde.
恐惧战兢归到我身; 惊恐漫过了我。
6 Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la! Konsa, mwen ta sove ale pou twouve repo. Mwen ta demere nan dezè a.”
我说:但愿我有翅膀像鸽子, 我就飞去,得享安息。
7 Tande byen, mwen ta rive byen lwen. Mwen ta ale rete nan savann nan. Tan
我必远游, 宿在旷野。 (细拉)
8 Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont van tanpèt la, kont move tan an.
我必速速逃到避所, 脱离狂风暴雨。
9 Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, divize lang yo, paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.
主啊,求你吞灭他们,变乱他们的舌头! 因为我在城中见了强暴争竞的事。
10 Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo. Inikite avèk mechanste nan mitan li.
他们在城墙上昼夜绕行; 在城内也有罪孽和奸恶。
11 Destriksyon ladann. Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.
邪恶在其中; 欺压和诡诈不离街市。
12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch. Konsa, mwen ta kab sipòte l. Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen. Konsa, mwen ta kab kache de li.
原来不是仇敌辱骂我, 若是仇敌,还可忍耐; 也不是恨我的人向我狂大, 若是恨我的人就必躲避他。
13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
不料是你;你原与我平等, 是我的同伴,是我知己的朋友!
14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm, ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
我们素常彼此谈论,以为甘甜; 我们与群众在 神的殿中同行。
15 Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo. Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye. Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a. (Sheol h7585)
愿死亡忽然临到他们! 愿他们活活地下入阴间! 因为他们的住处,他们的心中,都是邪恶。 (Sheol h7585)
16 Pou mwen, mwen va rele Bondye. SENYÈ a va sove mwen.
至于我,我要求告 神; 耶和华必拯救我。
17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen. Li va tande vwa m.
我要晚上、早晨、晌午哀声悲叹; 他也必听我的声音。
18 Li te rachte nanm mwen anpè, soti nan batay ki kont mwen an, malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
他救赎我命脱离攻击我的人, 使我得享平安, 因为与我相争的人甚多。
19 Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan, va tande e reponn yo. Tan Nan (sila) pa gen chanjman an. Yo pa gen krent Bondye a.
那没有更变、不敬畏 神的人, 从太古常存的 神必听见而苦待他。
20 Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a. Li te vyole akò li a.
他背了约, 伸手攻击与他和好的人。
21 Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.
他的口如奶油光滑, 他的心却怀着争战; 他的话比油柔和, 其实是拔出来的刀。
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen. Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
你要把你的重担卸给耶和华, 他必抚养你; 他永不叫义人动摇。
23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.
神啊,你必使恶人下入灭亡的坑; 流人血、行诡诈的人必活不到半世, 但我要倚靠你。

< Sòm 55 >