< Sòm 54 >

1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?” Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.
Al maestro de coro. Para instrumentos de cuerda. Maskil de David. Cuando los cifeos fueron a decirle a Saúl: “Mira, David está escondido entre nosotros.” Sálvame, oh Dios, por tu Nombre, y defiende mi causa con tu poder.
2 Koute lapriyè mwen, O Bondye. Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.
Escucha mi oración, oh Dios, presta oído a las palabras de mi boca.
3 Paske etranje yo fin leve kont mwen. Moun vyolans yo te chache lavi mwen. Yo pa t mete Bondye devan yo.
Porque soberbios se han levantado contra mí; y hombres violentos buscan mi vida, sin tener en cuenta a Dios para nada.
4 Gade byen, Bondye se èd mwen. SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.
Mirad, ya viene Dios en mi socorro; el Señor sostiene mi vida.
5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.
Haz rebotar el mal contra mis adversarios, y según tu fidelidad, destrúyelos.
6 Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
Te ofreceré sacrificios voluntarios; ensalzaré, oh Yahvé, tu Nombre, porque es bueno.
7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub. Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.
Pues me libró de toda tribulación, y mis ojos han visto a mis enemigos confundidos.

< Sòm 54 >