< Sòm 53 >
1 Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath Yon refleksyon pa David Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”. Yo konwonpi! Yo fè zak enjis ki abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.
Рече безумник у срцу свом: Нема Бога; проневаљалише се и загрдеше у безакоњу, нема никога добро да твори.
2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo, pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.
Бог с неба погледа на синове човечије да види има ли који разуман, и тражи ли који Бога.
3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo vin konwonpi. Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
Сви застранише, сви се покварише, нема никога добро да твори, нема ни једног.
4 Èske malfektè a mechanste (sila) yo pa gen okenn konesans, ka p manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje, epi ki pa rele Bondye?
Зар неће да се оразуме који год чине безакоње, једу народ мој као што једу хлеб, и не призивају Бога?
5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a (sila) ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.
Дрхтаће од страха где страха нема. Јер ће Бог расути кости оних који устају на тебе. Ти ћеш их посрамити, јер их Бог одврже.
6 O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion! Lè Bondye restore pèp kaptif Li a, kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.
Ко ће послати са Сиона спасење Израиљу? Кад Бог поврати заробљени народ свој, радоваће се Јаков, веселиће се Израиљ.