< Sòm 52 >
1 Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.” Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
¿Por qué te alabas de maldad, o! valiente? la misericordia de Dios es cada día.
2 Lang ou envante destriksyon, tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
Agravios maquina tu lengua: como navaja afilada, hace engaño.
3 Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon. Fo bagay plis pase pale verite a.
Amaste el mal más que el bien: la mentira, más que hablar justicia. (Selah)
4 Ou renmen tout pawòl ki devore, yon lang mantè.
Amaste todas las palabras dañosas; lengua engañosa.
5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan
También Dios te derrocará para siempre: cortarte ha, y arrancarte ha de la tienda; y te desarraigará de la tierra de los vivientes. (Selah)
6 Moun dwat yo va wè, va gen lakrent; yo va ri sou li epi di:
Y verán los justos, y temerán: y reírse han de él.
7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
He aquí un varón que no puso a Dios por su fortaleza, mas confió en la multitud de sus riquezas: esforzóse en su maldad.
8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a pou tout tan e pou tout tan.
Mas yo, como oliva verde, en la casa de Dios: confié en la misericordia de Dios siempre y eternalmente.
9 Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa. Mwen va mete espwa nan non Ou, paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.
Yo te alabaré para siempre, porque hiciste: y esperaré tu nombre, porque es bueno, delante de tus misericordiosos.