< Sòm 51 >

1 Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba. Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. Selon grandè a mizerikòd ou, efase transgresyon mwen yo.
“To the chief musician, a psalm of David, When Nathan the prophet came unto him, after he had gone in unto Bath-sheba'.” Be gracious unto me, O God, according to thy kindness: according to the greatness of thy mercies blot out my transgressions.
2 Lave m nèt de inikite mwen yo e netwaye m de peche mwen an.
Wash me thoroughly from my iniquity, and cleanse me from my sin.
3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo. Peche mwen yo devan m tout tan.
For of my transgressions I have full knowledge; and my sin is before me continually.
4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
To thee, thee only, have I sinned, and what is evil in thy eyes have I done: —in order that thou mightest be righteous when thou speakest, be justified when thou judgest.
5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
Behold, in iniquity was I brought forth; and in sin did my mother conceive me.
6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
Behold, thou desirest truth in the inward parts: therefore do thou cause me to know wisdom in the recesses [of the heart].
7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.
Cleanse me from sin with hyssop, and I shall be clean: wash me, and I shall be whiter than snow.
8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan, pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
Cause me to hear gladness and joy; that the bones which thou hast crushed may rejoice.
9 Kache figi Ou de peche m yo. Efase tout inikite mwen yo.
Hide thy face from my sins, and all my iniquities do thou blot out.
10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ, epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
Create unto me a clean heart, O God; and a firm spirit renew thou within me.
11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.
Cast me not away from thy presence; and thy holy spirit do not take from me.
12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a. Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
Restore unto me the gladness of thy salvation; and with a liberal spirit do thou support me.—
13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo, e pechè yo va konvèti a Ou menm.
I will teach transgressors thy ways, and sinners shall return unto thee.
14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.
Deliver me from blood-guiltiness, O God, thou God of my salvation; [that] my tongue may sing aloud of thy righteousness.
15 O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou.
O Lord, open thou my lips, and my mouth shall declare thy praise.
16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis. Otreman, mwen ta bay li. Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.
For thou desirest not sacrifice; else would I give it: in burnt-offering hast thou no delight.
17 Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze. Yon kè brize e ki repantan, O Bondye, Ou p ap meprize l.
The sacrifices of God are a broken spirit: a broken and a contrite heart, O God, wilt thou not despise.
18 Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion. Bati miray a Jérusalem yo.
Do good in thy favor unto Zion; build thou the walls of Jerusalem.
19 Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo, nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo. Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.
Then wilt thou be pleased with the sacrifices of righteousness, with burnt-offering and entire offering: then shall bullocks be offered upon thy altar.

< Sòm 51 >