< Sòm 49 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo Tande sa, tout pèp yo! Prete zòrèy nou, tout (sila) ki rete nan mond la!
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,
2 Ni ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
gran kou piti, rich kou pòv.
3 Bouch mwen va pale sajès, epi meditasyon a kè m va vin konprann.
Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans.
4 Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb. Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.
M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik.
5 Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo, Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo?
6 Malgre (sila) ki mete konfyans nan richès yo, ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,
7 nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li, ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.
8 Paske redanmsyon nanm li koute chè. Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.
9 pou l ta viv toujou jis pou letènite, pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
10 Paske li wè ke menm moun saj yo mouri. (Sila) ki bèt ak (sila) ki fou yo mouri menm jan. Yo kite byen yo pou lòt yo.
Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
11 Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan, epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo. Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
12 Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire. Li tankou bèt yo ki peri.
Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
13 Konsa, sa se chemen a (sila) ki manke sajès yo, ak (sila) ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.
Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou.
14 Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò. Lanmò va bèje yo. Moun dwat yo va domine sou yo nan maten. Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo. (Sheol h7585)
Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete. (Sheol h7585)
15 Men Bondye va rachte nanm mwen soti pouvwa a sejou lanmò a, paske Bondye va resevwa m. (Sheol h7585)
Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò. (Sheol h7585)
16 Ou pa bezwen pè lè yon nonm vin rich, lè glwa lakay li vin ogmante.
Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.
17 Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale. Glwa li a p ap swiv li desann.
Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.
18 Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li— Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—
Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen,
19 li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo. Yo p ap janm wè limyè an.
yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò.
20 Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li, poutan, san konprann, Se tankou bèt ki peri.
Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.

< Sòm 49 >