< Sòm 47 >

1 Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo. O bat men nou ansanm, tout pèp yo. Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.
O clap your hands, all you people; shout unto God with the voice of triumph.
2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.
For the LORD most high is terrible; he is a great King over all the earth.
3 Li fè soumèt pèp yo anba nou, ak nasyon yo anba pye nou.
He shall subdue the people under us, and the nations under our feet.
4 Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou, glwa la a Jacob, ke Li renmen an. Tan
He shall choose our inheritance for us, the excellency of Jacob whom he loved. (Selah)
5 Bondye te monte avèk yon gwo rèl, SENYÈ a avèk son twonpèt la.
God is gone up with a shout, the LORD with the sound of a trumpet.
6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo! Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!
Sing praises to God, sing praises: sing praises unto our King, sing praises.
7 Paske Bondye se Wa a tout tè a. Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.
For God is the King of all the earth: sing all of you praises with understanding.
8 Bondye regne sou nasyon yo. Bondye chita sou twòn wayal Li a.
God reigns over the heathen: God sits upon the throne of his holiness.
9 Prens a pèp yo rasanble yo ansanm, pèp a Bondye Abraham nan. Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye. Li leve byen wo.
The princes of the people are gathered together, even the people of the God of Abraham: for the shields of the earth belong unto God: he is greatly exalted.

< Sòm 47 >