< Sòm 46 >

1 Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
למנצח לבני קרח על עלמות שיר אלהים לנו מחסה ועז עזרה בצרות נמצא מאד׃
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè ta chanje e malgre mòn yo ta chape antre nan fon lanmè.
על כן לא נירא בהמיר ארץ ובמוט הרים בלב ימים׃
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen, malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
יהמו יחמרו מימיו ירעשו הרים בגאותו סלה׃
4 Genyen yon rivyè ak flèv li yo ki fè kè vil Bondye a kontan; lye sen a kote Pi Wo a demere a.
נהר פלגיו ישמחו עיר אלהים קדש משכני עליון׃
5 Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm. Bondye va ede li vin parèt nan maten.
אלהים בקרבה בל תמוט יעזרה אלהים לפנות בקר׃
6 Nasyon yo te fè gwo boulvèsman. Wayòm yo te souke. Li te leve vwa l e latè te fonn.
המו גוים מטו ממלכות נתן בקולו תמוג ארץ׃
7 SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou.
יהוה צבאות עמנו משגב לנו אלהי יעקב סלה׃
8 Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo ki gwo dega Li fè nan tout latè.
לכו חזו מפעלות יהוה אשר שם שמות בארץ׃
9 Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè. Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout. Li brile cha yo avèk dife.
משבית מלחמות עד קצה הארץ קשת ישבר וקצץ חנית עגלות ישרף באש׃
10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”
הרפו ודעו כי אנכי אלהים ארום בגוים ארום בארץ׃
11 SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan
יהוה צבאות עמנו משגב לנו אלהי יעקב סלה׃

< Sòm 46 >