< Sòm 45 >

1 Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo. Yon Chanson Fèt Maryaj Kè m debòde avèk yon bèl sijè. Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
My heart is composing a good matter: I speak of the things which I have made concerning the king: my tongue is the pen of a ready writer.
2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo. Lagras debòde sou lèv ou. Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.
You are fairer than the children of men: grace is poured into your lips: therefore God has blessed you for ever.
3 Mete nepe Ou sou kwis ou, O (Sila) Ki Pwisan an, nan bèlte Ou avèk majeste Ou!
Gird your sword upon your thigh, O most mighty, with your glory and your majesty.
4 Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa. Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati, kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.
And in your majesty ride prosperously because of truth and meekness and righteousness; and your right hand shall teach you terrible things.
5 Flèch Ou yo filè. Tout nasyon yo tonbe anba Ou, epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.
your arrows are sharp in the heart of the king's enemies; whereby the people fall under you.
6 Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan; Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
Your throne, O God, is for ever and ever: the sceptre of your kingdom is a right sceptre.
7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste. Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a, te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.
You love righteousness, and hate wickedness: therefore God, your God, has anointed you with the oil of gladness above your fellows.
8 Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl. Soti nan palè livwa yo, lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.
All your garments smell of myrrh, and aloes, and cassia, out of the ivory palaces, whereby they have made you glad.
9 Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo. Sou men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.
Kings' daughters were among your honourable women: upon your right hand did stand the queen in gold of Ophir.
10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
Hearken, O daughter, and consider, and incline your ear; forget also your own people, and your father's house;
11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou. Akoz li se senyè ou, vin bese ba devan L.
So shall the king greatly desire your beauty: for he is your Lord; and worship you him.
12 Fi Tyr la va vini avèk yon kado. Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou.
And the daughter of Tyre shall be there with a gift; even the rich among the people shall implore your favour.
13 Lamarye a wa a bèl nèt anndan. Vètman li trese antre sòti avèk lò.
The king's daughter is all glorious within: her clothing is of wrought gold.
14 Li va mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri. Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.
She shall be brought unto the king in raiment of needlework: the virgins her companions that follow her shall be brought unto you.
15 Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans. Yo va antre nan palè a wa a.
With gladness and rejoicing shall they be brought: they shall enter into the king's palace.
16 Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo. Ou va fè yo prens sou tout latè.
Instead of your fathers shall be your children, whom you may make princes in all the earth.
17 Mwen va fè non Ou sonje nan tout jenerasyon yo. Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou remèsiman pou tout tan e pou tout tan.
I will make your name to be remembered in all generations: therefore shall the people praise you for ever and ever.

< Sòm 45 >