< Sòm 43 >

1 Deklare m inosan, O Bondye mwen! Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl. O delivre mwen soti nan men a lezòm mantè e enjis yo!
שפטני אלהים וריבה ריבי מגוי לא חסיד מאיש מרמה ועולה תפלטני׃
2 Paske Ou se Bondye fòs mwen an. Poukisa Ou rejte m? Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
כי אתה אלהי מעוזי למה זנחתני למה קדר אתהלך בלחץ אויב׃
3 Voye limyè Ou deyò avèk verite Ou; kite yo mennen mwen. Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.
שלח אורך ואמתך המה ינחוני יביאוני אל הר קדשך ואל משכנותיך׃
4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a, Bondye lajwa m ki depase limit lan. Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj, O Bondye, Bondye mwen an.
ואבואה אל מזבח אלהים אל אל שמחת גילי ואודך בכנור אלהים אלהי׃
5 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.
מה תשתוחחי נפשי ומה תהמי עלי הוחילי לאלהים כי עוד אודנו ישועת פני ואלהי׃

< Sòm 43 >