< Sòm 42 >

1 Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo. Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan, Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.
As the hart pants after the water brooks, so pants my soul after you, O God.
2 Nanm mwen swaf pou Bondye, Pou Bondye vivan an. Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?
My soul thirsts for God, for the living God: when shall I come and appear before God?
3 Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
My tears have been my food day and night, while they continually say unto me, Where is your God?
4 Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.
When I remember these things, I pour out my soul in me: for I had gone with the multitude, I went with them to the house of God, with the voice of joy and praise, with a multitude that kept holyday.
5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
Why are you cast down, O my soul? and why are you disquieted in me? hope you in God: for I shall yet praise him for the help of his countenance.
6 O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.
O my God, my soul is cast down within me: therefore will I remember you from the land of Jordan, and of the Hermonites, from the hill Mizar.
7 Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
Deep calls unto deep at the noise of your waterspouts: all your waves and your billows are gone over me.
8 SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen, chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan: Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.
Yet the LORD will command his loving kindness in the day time, and in the night his song shall be with me, and my prayer unto the God of my life.
9 Mwen va di a Bondye, wòch mwen an: “Poukisa Ou te bliye mwen? Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”
I will say unto God my rock, Why have you forgotten me? why go I mourning because of the oppression of the enemy?
10 Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?
As with a sword in my bones, mine enemies reproach me; while they say daily unto me, Where is your God?
11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
Why are you cast down, O my soul? and why are you disquieted within me? hope you in God: for I shall yet praise him, who is the health of my countenance, and my God.

< Sòm 42 >