< Sòm 41 >
1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David A la beni (sila) ki konsidere ka malere a beni! SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.
in finem psalmus David beatus qui intellegit super egenum et pauperem in die mala liberabit eum Dominus
2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv. Li va rele beni sou latè a. Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
Dominus conservet eum et vivificet eum et beatum faciat eum in terra et non tradat eum in animam inimicorum eius
3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan. Nan maladi li, li va restore li a lasante.
Dominus opem ferat illi super lectum doloris eius universum stratum eius versasti in infirmitate eius
4 Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras. Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”
ego dixi Domine miserere mei sana animam meam quoniam peccavi tibi
5 Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
inimici mei dixerunt mala mihi quando morietur et peribit nomen eius
6 Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.
et si ingrediebatur ut videret vane loquebatur cor eius congregavit iniquitatem sibi egrediebatur foras et loquebatur
7 Tout (sila) ki rayi mwen yo soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt. Kont mwen, yo fè plan pou donmaje mwen epi yo di:
in id ipsum adversum me susurrabant omnes inimici mei adversus me cogitabant mala mihi
8 “Yon bagay mechan gen tan pran l, pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”
verbum iniquum constituerunt adversus me numquid qui dormit non adiciet ut resurgat
9 Menm zanmi ki te pre m nan, nan (sila) mwen te mete konfyans la, li ki te manje pen mwen, te leve talon li kont mwen.
etenim homo pacis meae in quo speravi qui edebat panes meos magnificavit super me subplantationem
10 Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e fè m leve pou m kab bay yo rekonpans yo.
tu autem Domine miserere mei et resuscita me et retribuam eis
11 Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen. Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.
in hoc cognovi quoniam voluisti me quoniam non gaudebit inimicus meus super me
12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m, epi Ou mete mwen nan prezans Ou jis pou tout tan.
me autem propter innocentiam suscepisti et confirmasti me in conspectu tuo in aeternum
13 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, soti pou tout tan, jis rive pou tout tan. Amen e amen.
benedictus Dominus Deus Israhel a saeculo et in saeculum fiat fiat