< Sòm 40 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a. Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
برای رهبر سرایندگان. مزمور داوود. با صبر و شکیبایی انتظار خداوند را کشیدم، و او به سوی من توجه نمود و فریادم را شنید.
2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.
او مرا از چاه هلاکت و از گل و لای بیرون کشید و در بالای صخره گذاشت و جای پایم را محکم ساخت.
3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.
او به من آموخت تا سرودی تازه بخوانم، سرودی در ستایش خدایمان! بسیاری چون این را ببینند خواهند ترسید و بر خداوند توکل خواهند کرد.
4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a (sila) ki vin vire nan sa ki fo yo.
چه خوشبختند کسانی که بر خداوند توکل دارند و از اشخاص متکبر و خدایان دروغین پیروی نمی‌کنند.
5 Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
ای خداوند، خدای ما، تو کارهای شگفت‌انگیز بسیاری برای ما انجام داده‌ای و پیوسته به فکر ما بوده‌ای؛ تو بی‌نظیری! کارهای شگفت‌انگیز تو چنان زیادند که زبانم از بیان آنها قاصر است.
6 Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.
تو به قربانی و هدیه رغبت نداشتی؛ بلکه گوشهایم را باز کردی؛ قربانی سوختنی و قربانی گناه را نطلبیدی.
7 Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini. Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.
آنگاه گفتم: «اینک می‌آیم! در کتاب دربارۀ من نوشته شده است:
8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”
اشتیاق من، ای خدا، انجام ارادۀ توست، زیرا دستورهای تو در دلم جای دارد.»
9 Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a; Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen; O SENYÈ, Ou konnen.
در اجتماع بزرگ قوم تو، به عدالت نجاتبخش تو بشارت داده‌ام. از سخن گفتن نترسیده‌ام، چنانکه تو، ای خداوند آگاهی.
10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.
عدالت نجاتبخش تو را در دل خود پنهان نکرده‌ام. از امانت و قدرت نجاتبخش تو سخن گفته‌ام. در اجتماع بزرگ قوم تو، پیوسته از محبت و وفاداری تو سخن گفته‌ام.
11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. Lanmou dous Ou avèk verite Ou va prezève mwen tout tan.
ای خداوند، لطف و رحمت خود را از من دریغ مدار. محبت و وفاداری تو همواره مرا حفظ کند.
12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.
بلایای بی‌شماری مرا احاطه کرده و گناهان زیادم بر من سنگینی می‌کند به طوری که نمی‌توانم سرم را بلند کنم. در دل خود آرامش ندارم.
13 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
ای خداوند، رحم کن و مرا از این وضعیت نجات ده! به کمک من بشتاب!
14 Kite (sila) yo vin wont e imilye ansanm, (sila) ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite (sila) yo vire fè bak e dezonore, (sila) ki pran plezi nan fè m mal yo.
بگذار خجل و سرافکنده شوند آنانی که قصد جانم را دارند؛ مغلوب و رسوا گردند کسانی که به دشمنی با من برخاسته‌اند؛
15 Kite (sila) yo etone nèt akoz wont yo, (sila) ki di mwen: “Wayan, wayan!”
خوار و پریشان شوند آنانی که مرا تحقیر و مسخره می‌کنند.
16 Kite tout (sila) ki wè Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite tout (sila) ki renmen sali Ou yo pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab leve wo!”
اما طالبان تو، ای خداوند، شاد و خوشحال شوند؛ و آنانی که نجات تو را دوست دارند پیوسته بگویند که خداوند بزرگ است!
17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.
من فقیر و درمانده‌ام، اما خداوند برای من فکر می‌کند. ای خدای من، تو مددکار و رهانندهٔ من هستی، پس تأخیر نکن.

< Sòm 40 >