< Sòm 4 >
1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.
Al maestro del coro. Per strumenti a corda. Salmo. Di Davide. Quando ti invoco, rispondimi, Dio, mia giustizia: dalle angosce mi hai liberato; pietà di me, ascolta la mia preghiera.
2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan
Fino a quando, o uomini, sarete duri di cuore? Perché amate cose vane e cercate la menzogna?
3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm. SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.
Sappiate che il Signore fa prodigi per il suo fedele: il Signore mi ascolta quando lo invoco.
4 Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan
Tremate e non peccate, sul vostro giaciglio riflettete e placatevi.
5 Ofri sakrifis ladwati yo. Mete konfyans nan SENYÈ a.
Offrite sacrifici di giustizia e confidate nel Signore.
6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
Molti dicono: «Chi ci farà vedere il bene?». Risplenda su di noi, Signore, la luce del tuo volto.
7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
Hai messo più gioia nel mio cuore di quando abbondano vino e frumento.
8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
In pace mi corico e subito mi addormento: tu solo, Signore, al sicuro mi fai riposare.