< Sòm 39 >

1 Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
2 Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans. Mwen te evite menm sa ki ta kab bon. Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd.
3 Kè m te cho anndan m. Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile. Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande:
4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo. Fè m konnen ke m fèb anpil.
Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.
5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole tankou lajè a men m ki louvri. Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? Espwa m se nan Ou.
Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!
8 Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo. Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz.
9 Mwen tounen tibebe. Mwen pa ouvri bouch mwen, akoz se Ou ki te fè sa.
M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou.
10 Rete touman Ou sou mwen. Kou men Ou venk mwen. M ap peri.
Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.
11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman a yon nonm pou inikite li. Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere pi chè pou li menm nan. Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.
13 Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò, avan ke m mouri pou m pa la ankò.”
Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.

< Sòm 39 >