< Sòm 38 >

1 Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
מזמור לדוד להזכיר יהוה אל בקצפך תוכיחני ובחמתך תיסרני׃
2 Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m, epi men Ou fin peze m.
כי חציך נחתו בי ותנחת עלי ידך׃
3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.
אין מתם בבשרי מפני זעמך אין שלום בעצמי מפני חטאתי׃
4 Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen. Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
כי עונתי עברו ראשי כמשא כבד יכבדו ממני׃
5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
הבאישו נמקו חבורתי מפני אולתי׃
6 Mwen fin koube nèt e bese anpil. Mwen ap fè doulè tout lajounen.
נעויתי שחתי עד מאד כל היום קדר הלכתי׃
7 Paske ren mwen plen ak brile. Nanpwen anyen ansante nan chè m.
כי כסלי מלאו נקלה ואין מתם בבשרי׃
8 Mwen pa kab santi anyen ankò. Mwen fin kraze nèt. Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
נפוגותי ונדכיתי עד מאד שאגתי מנהמת לבי׃
9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou. Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
אדני נגדך כל תאותי ואנחתי ממך לא נסתרה׃
10 Kè m bat fò, fòs mwen kite m. Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
לבי סחרחר עזבני כחי ואור עיני גם הם אין אתי׃
11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen.
אהבי ורעי מנגד נגעי יעמדו וקרובי מרחק עמדו׃
12 (Sila) ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. (Sila) ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
וינקשו מבקשי נפשי ודרשי רעתי דברו הוות ומרמות כל היום יהגו׃
13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri, mwen pa tande; Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
ואני כחרש לא אשמע וכאלם לא יפתח פיו׃
14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande. E nan bouch mwen, pa gen repons.
ואהי כאיש אשר לא שמע ואין בפיו תוכחות׃
15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ. Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
כי לך יהוה הוחלתי אתה תענה אדני אלהי׃
16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
כי אמרתי פן ישמחו לי במוט רגלי עלי הגדילו׃
17 Paske mwen prèt pou tonbe. Tristès mwen devan m tout tan.
כי אני לצלע נכון ומכאובי נגדי תמיד׃
18 Konsa, mwen konfese inikite mwen. Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.
כי עוני אגיד אדאג מחטאתי׃
19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò. Yo anpil ki rayi mwen san koz.
ואיבי חיים עצמו ורבו שנאי שקר׃
20 (Sila) ki remèt mal pou byen yo se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
ומשלמי רעה תחת טובה ישטנוני תחת רדופי טוב׃
21 Pa abandone m, O SENYÈ. O Bondye m nan, pa rete lwen m!
אל תעזבני יהוה אלהי אל תרחק ממני׃
22 Fè vit pou ede mwen, O SENYÈ, delivrans mwen an!
חושה לעזרתי אדני תשועתי׃

< Sòm 38 >