< Sòm 37 >

1 Yon Sòm David Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
[A Psalm] of David. Fret not thyself because of evil-doers, and be not envious of them that work unrighteousness;
2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan, e disparèt tankou zèb ki vèt.
for they shall soon be cut down like the grass, and fade as the green herb.
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
Confide in Jehovah, and do good; dwell in the land, and feed on faithfulness;
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a. Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
and delight thyself in Jehovah, and he will give thee the desires of thy heart.
5 Dedye chemen ou a SENYÈ a. Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
Commit thy way unto Jehovah, and rely upon him: he will bring [it] to pass;
6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè, Ak jijman ou klere kon midi.
and he will bring forth thy righteousness as the light, and thy judgment as the noonday.
7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz (sila) ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
Rest in Jehovah, and wait patiently for him: fret not thyself because of him that prospereth in his way, because of the man that bringeth mischievous devices to pass.
8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal. Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
Cease from anger, and forsake wrath; fret not thyself: it [would be] only to do evil.
9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt, men (sila) k ap tann SENYÈ yo, va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
For evil-doers shall be cut off; but those that wait on Jehovah, they shall possess the land.
10 Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt. Ou va chache avèk atansyon plas li, men li p ap egziste.
For yet a little while, and the wicked is not; and thou considerest his place, but he is not.
11 Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a. Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.
But the meek shall possess the land, and shall delight themselves in the abundance of prosperity.
12 Mechan an fè konplo kont (sila) ki dwat yo. Li manje dan l sou li.
The wicked plotteth against the righteous, and gnasheth his teeth against him.
13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.
The Lord laugheth at him; for he seeth that his day is coming.
14 Mechan yo rale nepe e koube banza yo, pou jete aflije yo avèk malere a, pou touye (sila) ki dwat nan kondwit yo.
The wicked have drawn out the sword, and have bent their bow, to cast down the afflicted and needy, to slay those that are upright in [the] way:
15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo. Banza yo ap kase.
their sword shall enter into their own heart, and their bows shall be broken.
16 Pi bon se ti kras a moun dwat yo, pase abondans anpil a mechan yo.
The little that the righteous hath is better than the abundance of many wicked;
17 Paske bra a mechan yo va kase, men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
for the arms of the wicked shall be broken, but Jehovah upholdeth the righteous.
18 SENYÈ a konnen jou a (sila) ki dwat yo. Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
Jehovah knoweth the days of the perfect; and their inheritance shall be for ever:
19 Yo p ap wont nan move tan. Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
they shall not be ashamed in the time of evil, and in the days of famine they shall be satisfied.
20 Men mechan yo va peri. Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo. Yo va vin disparèt. Tankou lafimen, yo ale nèt.
For the wicked shall perish, and the enemies of Jehovah shall be as the fat of lambs: they shall consume, like smoke shall they consume away.
21 Mechan an prete, men li pa remèt, men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
The wicked borroweth, and payeth not again; but the righteous is gracious and giveth:
22 Paske (sila) ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men (sila) ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
for those blessed of him shall possess the land, and they that are cursed of him shall be cut off.
23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
The steps of a man are established by Jehovah, and he delighteth in his way:
24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt, paske SENYÈ a se (Sila) ki kenbe men li an.
though he fall, he shall not be utterly cast down, for Jehovah upholdeth his hand.
25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun, men mwen poko wè moun dwat ki abandone, ni desandan li yo k ap mande pen.
I have been young, and now am old, and I have not seen the righteous forsaken, nor his seed seeking bread:
26 Tout lajounen, moun dwat la plen ak gras pou prete moun. Desandan li yo se yon benediksyon.
all the day he is gracious and lendeth, and his seed shall be a blessing.
27 Kite mal e fè sa ki bon, pou ou kab viv jis pou tout tan.
Depart from evil, and do good, and dwell for evermore;
28 Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.
for Jehovah loveth judgment, and will not forsake his saints: They are preserved for ever; but the seed of the wicked shall be cut off.
29 Moun ladwati yo va eritye peyi a, pou viv ladann pou tout tan.
The righteous shall possess the land, and dwell therein for ever.
30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.
The mouth of the righteous proffereth wisdom, and his tongue speaketh judgment;
31 Lalwa Bondye nan kè li. Pa li yo pa janm glise.
the law of his God is in his heart; his goings shall not slide.
32 Mechan an ap veye dwat la pou chache touye li.
The wicked watcheth the righteous, and seeketh to slay him:
33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li, ni kite li kondane lè li jije.
Jehovah will not leave him in his hand, nor condemn him when he is judged.
34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an. Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a. Lè mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
Wait for Jehovah, and keep his way, and he will exalt thee to possess the land: when the wicked are cut off, thou shalt see [it].
35 Mwen konn wè yon nonm mechan e vyolan Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.
I have seen the wicked in great power, and spreading like a green tree in its native soil:
36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li pa t la ankò. Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
but he passed away, and behold, he was not; and I sought him, but he was not found.
37 Byen remake nonm san tò a, epi gade byen nonm ladwati a, paske nonm lapè a va gen posterite.
Mark the perfect, and behold the upright, for the end of [that] man is peace;
38 Men pechè a va detwi nèt. Posterite a mechan an va koupe retire nèt.
but the transgressors shall be destroyed together; the future of the wicked shall be cut off.
39 Men delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a. Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.
But the salvation of the righteous is of Jehovah: he is their strength in the time of trouble.
40 SENYÈ a ede yo e delivre yo. Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo. Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.
And Jehovah will help them and deliver them: he will deliver them from the wicked, and save them; for they trust in him.

< Sòm 37 >