< Sòm 36 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l.
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
2 Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la.
Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.
3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon.
Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
4 Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, fidelite Ou nan syèl la.
Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.
6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye! Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. Konsa, Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou (sila) ki konnen Ou yo, ak ladwati Ou pou (sila) ki dwat nan kè yo.
Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!
11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen, ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.
12 Se la (sila) k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe. Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.
Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!

< Sòm 36 >