< Sòm 35 >

1 Yon Sòm David Fè fòs SENYÈ, kont (sila) k ap sèvi ak fòs kont mwen yo. Goumen ak (sila) k ap goumen kont mwen yo.
τῷ Δαυιδ δίκασον κύριε τοὺς ἀδικοῦντάς με πολέμησον τοὺς πολεμοῦντάς με
2 Pran an men boukliye ak pwotèj la, epi leve kon sekou mwen.
ἐπιλαβοῦ ὅπλου καὶ θυρεοῦ καὶ ἀνάστηθι εἰς βοήθειάν μου
3 Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre (sila) k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
ἔκχεον ῥομφαίαν καὶ σύγκλεισον ἐξ ἐναντίας τῶν καταδιωκόντων με εἰπὸν τῇ ψυχῇ μου σωτηρία σου ἐγώ εἰμι
4 Kite (sila) k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.
αἰσχυνθήτωσαν καὶ ἐντραπήτωσαν οἱ ζητοῦντες τὴν ψυχήν μου ἀποστραφήτωσαν εἰς τὰ ὀπίσω καὶ καταισχυνθήτωσαν οἱ λογιζόμενοί μοι κακά
5 Kite yo vin tankou pay nan van, avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.
γενηθήτωσαν ὡσεὶ χνοῦς κατὰ πρόσωπον ἀνέμου καὶ ἄγγελος κυρίου ἐκθλίβων αὐτούς
6 Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan, Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.
γενηθήτω ἡ ὁδὸς αὐτῶν σκότος καὶ ὀλίσθημα καὶ ἄγγελος κυρίου καταδιώκων αὐτούς
7 Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
ὅτι δωρεὰν ἔκρυψάν μοι διαφθορὰν παγίδος αὐτῶν μάτην ὠνείδισαν τὴν ψυχήν μου
8 Kite l fin detwi nèt san l pa konnen. Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm. Kite l tonbe nan destriksyon sa a.
ἐλθέτω αὐτοῖς παγίς ἣν οὐ γινώσκουσιν καὶ ἡ θήρα ἣν ἔκρυψαν συλλαβέτω αὐτούς καὶ ἐν τῇ παγίδι πεσοῦνται ἐν αὐτῇ
9 Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a. Li va leve wo nan delivrans Li.
ἡ δὲ ψυχή μου ἀγαλλιάσεται ἐπὶ τῷ κυρίῳ τερφθήσεται ἐπὶ τῷ σωτηρίῳ αὐτοῦ
10 Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a (sila) ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a (sila) menm k ap vòlè yo?”
πάντα τὰ ὀστᾶ μου ἐροῦσιν κύριε τίς ὅμοιός σοι ῥυόμενος πτωχὸν ἐκ χειρὸς στερεωτέρων αὐτοῦ καὶ πτωχὸν καὶ πένητα ἀπὸ τῶν διαρπαζόντων αὐτόν
11 Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
ἀναστάντες μάρτυρες ἄδικοι ἃ οὐκ ἐγίνωσκον ἠρώτων με
12 Yo remèt mwen mal pou byen, jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.
ἀνταπεδίδοσάν μοι πονηρὰ ἀντὶ καλῶν καὶ ἀτεκνίαν τῇ ψυχῇ μου
13 Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m.
ἐγὼ δὲ ἐν τῷ αὐτοὺς παρενοχλεῖν μοι ἐνεδυόμην σάκκον καὶ ἐταπείνουν ἐν νηστείᾳ τὴν ψυχήν μου καὶ ἡ προσευχή μου εἰς κόλπον μου ἀποστραφήσεται
14 Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen. Mwen te koube ak gwo tristès, tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
ὡς πλησίον ὡς ἀδελφὸν ἡμέτερον οὕτως εὐηρέστουν ὡς πενθῶν καὶ σκυθρωπάζων οὕτως ἐταπεινούμην
15 Men moman ke m te chape tonbe a, yo te rejwi, e te reyini yo ansanm. San ke mwen pa menm konnen, agresè sa yo te rasanble kont mwen. Yo t ap chire m san rete.
καὶ κατ’ ἐμοῦ ηὐφράνθησαν καὶ συνήχθησαν συνήχθησαν ἐπ’ ἐμὲ μάστιγες καὶ οὐκ ἔγνων διεσχίσθησαν καὶ οὐ κατενύγησαν
16 Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo ta mòde m ak dan yo.
ἐπείρασάν με ἐξεμυκτήρισάν με μυκτηρισμόν ἔβρυξαν ἐπ’ ἐμὲ τοὺς ὀδόντας αὐτῶν
17 SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
κύριε πότε ἐπόψῃ ἀποκατάστησον τὴν ψυχήν μου ἀπὸ τῆς κακουργίας αὐτῶν ἀπὸ λεόντων τὴν μονογενῆ μου
18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a. Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
ἐξομολογήσομαί σοι κύριε ἐν ἐκκλησίᾳ πολλῇ ἐν λαῷ βαρεῖ αἰνέσω σε
19 Pa kite (sila) ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite (sila) ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
μὴ ἐπιχαρείησάν μοι οἱ ἐχθραίνοντές μοι ἀδίκως οἱ μισοῦντές με δωρεὰν καὶ διανεύοντες ὀφθαλμοῖς
20 Paske yo pa pale lapè, men yo divize pawòl nan twonpe (sila) ki kalm nan peyi yo.
ὅτι ἐμοὶ μὲν εἰρηνικὰ ἐλάλουν καὶ ἐπ’ ὀργὴν δόλους διελογίζοντο
21 Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”
καὶ ἐπλάτυναν ἐπ’ ἐμὲ τὸ στόμα αὐτῶν εἶπαν εὖγε εὖγε εἶδαν οἱ ὀφθαλμοὶ ἡμῶν
22 Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.
εἶδες κύριε μὴ παρασιωπήσῃς κύριε μὴ ἀποστῇς ἀπ’ ἐμοῦ
23 Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen, Bondye mwen ak SENYÈ mwen.
ἐξεγέρθητι κύριε καὶ πρόσχες τῇ κρίσει μου ὁ θεός μου καὶ ὁ κύριός μου εἰς τὴν δίκην μου
24 Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou. Pa kite yo rejwi sou mwen.
κρῖνόν με κατὰ τὴν δικαιοσύνην σου κύριε ὁ θεός μου καὶ μὴ ἐπιχαρείησάν μοι
25 Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”
μὴ εἴπαισαν ἐν καρδίαις αὐτῶν εὖγε εὖγε τῇ ψυχῇ ἡμῶν μηδὲ εἴπαισαν κατεπίομεν αὐτόν
26 Kite (sila) ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite (sila) ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
αἰσχυνθείησαν καὶ ἐντραπείησαν ἅμα οἱ ἐπιχαίροντες τοῖς κακοῖς μου ἐνδυσάσθωσαν αἰσχύνην καὶ ἐντροπὴν οἱ μεγαλορρημονοῦντες ἐπ’ ἐμέ
27 Kite (sila) ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
ἀγαλλιάσαιντο καὶ εὐφρανθείησαν οἱ θέλοντες τὴν δικαιοσύνην μου καὶ εἰπάτωσαν διὰ παντός μεγαλυνθήτω ὁ κύριος οἱ θέλοντες τὴν εἰρήνην τοῦ δούλου αὐτοῦ
28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou avèk lwanj Ou tout lajounen.
καὶ ἡ γλῶσσά μου μελετήσει τὴν δικαιοσύνην σου ὅλην τὴν ἡμέραν τὸν ἔπαινόν σου

< Sòm 35 >