< Sòm 34 >

1 Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati. Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan. Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.
2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a. Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.
3 O leve SENYÈ a byen wo avè m. Annou leve non L wo ansanm.
Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen, epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè. Figi yo p ap janm wont.
Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.
6 Malere (sila) a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.
7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure (sila) ki krent Li yo, epi li sove yo nan gwo twoub.
Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
8 O goute e wè ke Bondye bon. A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo. Pou (sila) ki krent Li yo, anyen pa manke.
Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, men (sila) ki chache SENYÈ yo, p ap manke okenn bon bagay.
Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
11 Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal, e lèv ou pou pa bay manti.
Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. Chache lapè e fè efò pou twouve li.
Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
15 Zye a SENYÈ a sou (sila) ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.
Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.
16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.
Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
17 Moun dwat kriye. SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.
18 SENYÈ a pre (sila) ak kè kase yo, epi sove (sila) ki kraze nan lespri yo.
Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.
20 Li konsève tout zo li yo. Pa menm youn nan yo va kase.
L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.
21 Se mechanste ki va touye mechan an. (Sila) ki rayi moun ladwati yo va kondane.
Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. P ap gen nan (sila) ki kache nan Li yo k ap kondane.
Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.

< Sòm 34 >