< Sòm 33 >
1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo! Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
義人,你們要向上主踴躍歡呼,正直的人,理當讚美上主。
2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita. Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
我們要彈琴,稱謝上主,彈奏十絃琴,讚頌上主。
3 Chante a Li menm yon chan tounèf. Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.
我們應向上主高唱新歌,在歡呼之聲中奏琴吟詠,
4 Paske pawòl SENYÈ a dwat. Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.
因為上主聖言是正直的,上主一切作為都忠實的;
5 Li renmen ladwati avèk jistis. Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
上主愛護正義和公理,上主的慈愛瀰漫大地。
6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.
因上主的一句話,諸天造成;因上主的一口氣,萬象生成。
7 Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil. Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
上主把海水好像裝在皮囊,上主將汪洋好像貯在池塘。
8 Kite tout latè krent SENYÈ a. Kite tout (sila) ki rete nan mond lan kanpe etone nèt pa Li menm.
願整個大地敬愛上主,願普世居民敬愛上主,
9 Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.
因為祂一發言,萬有造成,祂一出命,各物生成。
10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo. Li anile pwojè a pèp yo.
上主使異邦的計畫無緒,使萬民的策略廢去。
11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan, e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
上主的計畫卻永恒不變,祂心中的謀挌萬世常傳。
12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
尊上主為自天主的民族,真是有福!上主選為自己產業的百姓,真是有福!
13 pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a. SENYÈ a gade depi nan syèl la. Li wè tout fis a lòm yo.
上主由高天監臨,注視亞當的子孫;
14 Soti nan abitasyon Li an, Li veye sou tout (sila) ki rete sou latè yo.
上主由自己居處,視察大地的眾庶:
15 Li menm ki fòme kè a yo tout, Li menm ki konprann tout zèv yo.
上主創造眾人的心靈,上主知曉人的一切言行。
16 Wa a pa sove pa yon lame pwisan. Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
帝王不是因兵多而取勝,勇士不是因力大而保命。
17 Yon cheval se yon fo espwa pou viktwa a, ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
為獲勝利,駿馬乃是徒然,氣力雖大,依舊難獲安全。
18 Veye byen, zye SENYÈ a sou (sila) ki krent Li yo, sou (sila) ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
請看上主的眼睛常關注敬愛祂的人,祂的雙目常眷顧靠祂仁慈的人,
19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
為使他們的性命,脫免死亡,為使他們在饑饉時,生活如常。
20 Nanm nou ap tann SENYÈ a. Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
我們的靈魂仰望上主,祂是我們的保障和扶助;
21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz nou mete konfyans nou nan sen non Li.
我們的心靈要因祂而喜樂歡暢,在祂的聖名內寄托我們的希望。
22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou, selon esperans ke nou te mete nan Ou a.
上主,求你向我們廣施慈愛,有如我們對你所存的期待。