< Sòm 32 >
1 Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon A la beni se (sila) ki padone pou transgresyon li, pou peche li ki kouvri a!
Davidov. Poučna pjesma. Blažen onaj kome je grijeh otpušten, kome je zločin pokriven!
2 A la nonm beni se (sila) SENYÈ a pa jije kon koupab la, e nan lespri a (sila) ki pa gen manti a.
Blago čovjeku kome Jahve ne ubraja krivnju i u čijemu duhu nema prijevare!
3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen, kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
Prešutjet' sam htio, al' kosti mi klonuše od neprestana jecanja.
4 Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan
Danju i noću ruka me tvoja tištala, snaga mi se trošila k'o za ljetnih žega.
5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
Tad grijeh svoj tebi priznah i krivnju svoju više ne skrivah. Rekoh: “Priznat ću Jahvi prijestup svoj”, i ti si mi krivnju grijeha oprostio.
6 Konsa, kite tout (sila) ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò.
Zato nek' ti se moli pobožnik svaki u času nevolje. Kad bujice silne navale, njega neće stići.
7 Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
Utočište ti si moje, od tjeskobe ti ćeš me sačuvat', odjenut' me radošću spasenja.
8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan (sila) ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
Učit ću te, put ti kazat' kojim ti je ići, svjetovat ću te, oko će moje bdjeti nad tobom.
9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.
Ne budite kao konj ili mazga bez razuma: divljinu im krotiš vođicama i uzdom, inače im se ne primiči!
10 Anpil se tristès a mechan yo, men (sila) ki mete konfyans li nan SENYÈ a, se lanmou dous ki va antoure li.
Bezbožnika taru mnoge nevolje, a tko se uzda u Jahvu, njega okružuje milost.
11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.
Radujte se Jahvi i kličite, pravedni, kličite svi koji ste srca čestita!