< Sòm 31 >

1 Yon Sòm David Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.
大衛的詩,交與伶長。 耶和華啊,我投靠你; 求你使我永不羞愧; 憑你的公義搭救我!
2 Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.
求你側耳而聽, 快快救我! 作我堅固的磐石, 拯救我的保障!
3 Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen, konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
因為你是我的巖石,我的山寨; 所以,求你為你名的緣故引導我,指點我。
4 Ou va rale m sòti nan filè ke yo te prepare an sekrè pou mwen an, paske se Ou ki fòs mwen.
求你救我脫離人為我暗設的網羅, 因為你是我的保障。
5 Nan men Ou, mwen mete lespri mwen. Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
我將我的靈魂交在你手裏; 耶和華誠實的上帝啊,你救贖了我。
6 Mwen rayi (sila) ki fè rega a fo zidòl yo, men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.
我恨惡那信奉虛無之神的人; 我卻倚靠耶和華。
7 Mwen va rejwi e fè kè kontan nan lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen. Ou te wè soufrans a nanm mwen.
我要為你的慈愛高興歡喜; 因為你見過我的困苦,知道我心中的艱難。
8 Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
你未曾把我交在仇敵手裏; 你使我的腳站在寬闊之處。
9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Zye m ak kò m ak nanm mwen; tout fin gate nèt akoz doulè m.
耶和華啊,求你憐恤我, 因為我在急難之中; 我的眼睛因憂愁而乾癟, 連我的身心也不安舒。
10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m, ane mwen yo avèk soupi. Fòs mwen fin ale akoz inikite m. Kò mwen fin epwize.
我的生命為愁苦所消耗; 我的年歲為歎息所曠廢。 我的力量因我的罪孽衰敗; 我的骨頭也枯乾。
11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a (sila) ki rekonèt mwen yo. (Sila) ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
我因一切敵人成了羞辱, 在我的鄰舍跟前更甚; 那認識我的都懼怕我, 在外頭看見我的都躲避我。
12 Mwen fin bliye tankou yon moun mouri, disparèt nan panse moun. Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
我被人忘記,如同死人,無人記念; 我好像破碎的器皿。
13 Paske mwen konn tande kout lang anpil moun, laperèz toupatou. Yo pran konsèy ansanm kont mwen. Yo te fè konplo pou rache lavi m.
我聽見了許多人的讒謗, 四圍都是驚嚇; 他們一同商議攻擊我的時候, 就圖謀要害我的性命。
14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ. Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.
耶和華啊,我仍舊倚靠你; 我說:你是我的上帝。
15 Moman mwen yo nan men Ou. Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo, avèk (sila) ki pèsekite mwen yo.
我終身的事在你手中; 求你救我脫離仇敵的手和那些逼迫我的人。
16 Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a. Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
求你使你的臉光照僕人, 憑你的慈愛拯救我。
17 Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ, paske se Ou ke m rele. (Sheol h7585)
耶和華啊,求你叫我不致羞愧, 因為我曾呼籲你; 求你使惡人羞愧, 使他們在陰間緘默無聲。 (Sheol h7585)
18 Kite lèv ki manti yo sispann, (sila) yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.
那撒謊的人逞驕傲輕慢, 出狂妄的話攻擊義人; 願他的嘴啞而無言。
19 Men a la gran, bonte ke Ou te konsève pou (sila) ki krent Ou yo, ke Ou te fòje pou (sila) ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
敬畏你、投靠你的人,你為他們所積存的, 在世人面前所施行的恩惠是何等大呢!
20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.
你必把他們藏在你面前的隱密處, 免得遇見人的計謀; 你必暗暗地保守他們在亭子裏, 免受口舌的爭鬧。
21 Beni se SENYÈ a, paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a anvè mwen nan yon vil byen fò.
耶和華是應當稱頌的, 因為他在堅固城裏向我施展奇妙的慈愛。
22 Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen: “Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”. Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m te kriye a Ou menm.
至於我,我曾急促地說: 我從你眼前被隔絕。 然而,我呼求你的時候, 你仍聽我懇求的聲音。
23 O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo! SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo, e bay pwòp rekonpans a (sila) ki plen ògèy yo.
耶和華的聖民哪,你們都要愛他! 耶和華保護誠實人, 足足報應行事驕傲的人。
24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj, nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
凡仰望耶和華的人, 你們都要壯膽,堅固你們的心!

< Sòm 31 >