< Sòm 30 >

1 Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
大卫在献殿的时候,作这诗歌。 耶和华啊,我要尊崇你, 因为你曾提拔我,不叫仇敌向我夸耀。
2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.
耶和华—我的 神啊, 我曾呼求你,你医治了我。
3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo. Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la. (Sheol h7585)
耶和华啊,你曾把我的灵魂从阴间救上来, 使我存活,不至于下坑。 (Sheol h7585)
4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.
耶和华的圣民哪,你们要歌颂他, 称赞他可记念的圣名。
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten.
因为,他的怒气不过是转眼之间; 他的恩典乃是一生之久。 一宿虽然有哭泣, 早晨便必欢呼。
6 Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, “Mwen p ap janm ebranle.”
至于我,我凡事平顺,便说: 我永不动摇。
7 O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
耶和华啊,你曾施恩,叫我的江山稳固; 你掩了面,我就惊惶。
8 A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
耶和华啊,我曾求告你; 我向耶和华恳求,说:
9 “Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?
我被害流血,下到坑中,有什么益处呢? 尘土岂能称赞你,传说你的诚实吗?
10 Tande, O SENYÈ e fè m gras. O SENYÈ, ban m soutyen.”
耶和华啊,求你应允我,怜恤我! 耶和华啊,求你帮助我!
11 Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.
你已将我的哀哭变为跳舞, 将我的麻衣脱去,给我披上喜乐,
12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
好叫我的灵歌颂你,并不住声。 耶和华—我的 神啊,我要称谢你,直到永远!

< Sòm 30 >