< Sòm 3 >

1 Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen.
psalmus David cum fugeret a facie Abessalon filii sui Domine quid multiplicati sunt qui tribulant me multi insurgunt adversum me
2 Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan
multi dicunt animae meae non est salus ipsi in Deo eius diapsalma
3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak (Sila) ki fè tèt mwen leve a.
tu autem Domine susceptor meus es gloria mea et exaltans caput meum
4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
voce mea ad Dominum clamavi et exaudivit me de monte sancto suo diapsalma
5 Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
ego dormivi et soporatus sum exsurrexi quia Dominus suscipiet me
6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
non timebo milia populi circumdantis me exsurge Domine salvum me fac Deus meus
7 Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.
quoniam tu percussisti omnes adversantes mihi sine causa dentes peccatorum contrivisti
8 Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.
Domini est salus et super populum tuum benedictio tua

< Sòm 3 >