< Sòm 26 >

1 Yon sòm David Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
Давидів.
2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m.
Перевір мене, Господи, і ви́пробуй мене, перетопи́ мої ни́рки та серце моє,
3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m. Mwen te mache nan verite Ou.
бо перед очима моїми Твоє милосердя, і в правді Твоїй я ходив.
4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk (sila) k ap pran poz yo.
Не сидів я з людьми́ неправдивими, і не бу́ду ходити з лукавими,
5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo.
я громаду злочи́нців знена́видів, і з грішниками я сидіти не буду.
6 Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
Умию в неви́нності руки свої, й обійду́ Твого, Господи, же́ртівника,
7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo.
щоб хвалу́ Тобі го́лосно ви́голосити, та звісти́ти про всі чу́да Твої.
8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a.
Господи, — полюбив я оселю дому Твого́, і місце перебува́ння слави Твоєї.
9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
Не губи Ти моєї душі з нечестивими, та мого життя з кровоже́рами,
10 nan men a (sila) ki gen manèv mechan yo, ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.
що в руках їх злоді́йство, що їхня прави́ця напо́внена пі́дкупом.
11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. Delivre mwen e fè m gras.
А я бу́ду ходити в своїй непоро́чності, — визволь мене та помилуй мене!
12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
Нога моя стала на рівному місці, — на збо́рах я благословля́тиму Господа!

< Sòm 26 >