< Sòm 25 >

1 Yon sòm David A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
By David. To you, LORD, I lift up my soul.
2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. Pa kite mwen vin wont; pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
My God, I have trusted in you. Do not let me be shamed. Do not let my enemies triumph over me.
3 Anverite, nanpwen nan (sila) ki tann Ou yo ki va wont; (sila) ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
Yes, no one who waits for you will be shamed. They will be shamed who deal treacherously without cause.
4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ; enstwi m nan chemen Ou yo.
Show me your ways, LORD. Teach me your paths.
5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen, Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen; se Ou m ap tann tout lajounen.
Guide me in your truth, and teach me, for you are the God of my salvation. I wait for you all day long.
6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a, Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
LORD, remember your tender mercies and your loving kindness, for they are from old times.
7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Do not remember the sins of my youth, nor my transgressions. Remember me according to your loving kindness, for your goodness’ sake, LORD.
8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a; pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
Good and upright is the LORD, therefore he will instruct sinners in the way.
9 Li dirije enb yo nan jistis, e Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
He will guide the humble in justice. He will teach the humble his way.
10 Tout chemen Bondye se nan lanmou dous avèk verite pou (sila) ki kenbe akò Li yo ak temwayaj Li yo.
All the paths of the LORD are loving kindness and truth to such as keep his covenant and his testimonies.
11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, padone inikite mwen, paske li anpil.
For your name’s sake, LORD, pardon my iniquity, for it is great.
12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a? Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
What man is he who fears the LORD? He shall instruct him in the way that he shall choose.
13 Nanm li va viv alèz. Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
His soul will dwell at ease. His offspring will inherit the land.
14 Lamitye SENYÈ a se pou (sila) ki gen lakrent Li yo. Li va fè yo konnen akò Li.
The friendship of the LORD is with those who fear him. He will show them his covenant.
15 Zye m toujou vè SENYÈ a, paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
My eyes are ever on the LORD, for he will pluck my feet out of the net.
16 Vire vè mwen e fè m gras, paske mwen abandone e aflije.
Turn to me, and have mercy on me, for I am desolate and afflicted.
17 Twoub a kè m yo vin plis. Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
The troubles of my heart are enlarged. Oh bring me out of my distresses.
18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, e padone tout peche mwen yo.
Consider my affliction and my travail. Forgive all my sins.
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil. Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
Consider my enemies, for they are many. They hate me with cruel hatred.
20 Gade nanm mwen e delivre mwen. Pa kite m vin wont, paske mwen pran refij nan Ou menm.
Oh keep my soul, and deliver me. Let me not be disappointed, for I take refuge in you.
21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen, paske se Ou m ap tann.
Let integrity and uprightness preserve me, for I wait for you.
22 Delivre Israël, O Bondye, sou tout twoub li yo.
God, redeem Israel out of all his troubles.

< Sòm 25 >