< Sòm 24 >

1 Yon sòm David Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout (sila) ki rete ladann yo.
Davidin Psalmi. Herran on maa, ja kaikki mitkä siinä ovat, maan piiri ja ne jotka sen päällä asuvat.
2 Li te fonde li sou lanmè yo, e te etabli li sou rivyè yo.
Sillä hän on perustanut sen merten päälle, ja virtain päälle sen vahvistanut.
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a? Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
Kuka astuu Herran vuorelle? ja kuka taitaa seisoa hänen pyhässä siassansa?
4 (Sila) ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj.
Jolla viattomat kädet ovat ja on puhdas sydämestä, joka ei halaja turhuutta eikä vanno väärin,
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a, ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
Se saa siunauksen Herralta, ja vanhurskauden autuutensa Jumalalta.
6 Sa se jenerasyon a (sila) k ap chache Li yo, ka p chache figi Ou—menm Jacob. Tan
Tämä on se sukukunta, joka häntä etsii, joka kysyy sinun kasvojas, Jakob, (Sela)
7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo! Leve wo, o pòt ansyen yo! Pou Wa glwa la kapab antre!
Tehkäät portit avaraksi ja ovet maailmassa korkiaksi, kunnian Kuninkaan mennä sisälle.
8 Se kilès ki Wa a glwa a? SENYÈ fò e pwisan an, SENYÈ a pwisan nan batay la.
Kuka on kunnian Kuningas? se on Herra, väkevä ja voimallinen, Herra voimallinen sodassa.
9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo! Leve wo, O pòt ansyen yo! Pou Wa glwa la kapab antre!
Tehkäät portit avaraksi ja ovet maailmassa korkiaksi, kunnian Kuninkaan mennä sisälle!
10 Se kilès ki Wa glwa a? SENYÈ dèzame yo! Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.
Kuka on kunnian Kuningas? se on Herra Zebaot, hän on kunnian Kuningas, (Sela)

< Sòm 24 >