< Sòm 21 >

1 Pou direktè koral la; Yon sòm David O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
למנצח מזמור לדוד ב יהוה בעזך ישמח-מלך ובישועתך מה-יגיל (יגל) מאד
2 Ou te bay li dezi a kè li, ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
תאות לבו נתתה לו וארשת שפתיו בל-מנעת סלה
3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.
כי-תקדמנו ברכות טוב תשית לראשו עטרת פז
4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. Yon vi ki long ak jou k ap dire jis pou tout tan.
חיים שאל ממך--נתתה לו ארך ימים עולם ועד
5 Glwa li gran nan sali pa Ou. Onè ak majeste Ou te mete sou li.
גדול כבודו בישועתך הוד והדר תשוה עליו
6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.
כי-תשיתהו ברכות לעד תחדהו בשמחה את-פניך
7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a. Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, Li p ap ebranle menm.
כי-המלך בטח ביהוה ובחסד עליון בל-ימוט
8 Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn (sila) ki rayi ou yo.
תמצא ידך לכל-איביך ימינך תמצא שנאיך
9 Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo.
תשיתמו כתנור אש-- לעת פניך יהוה באפו יבלעם ותאכלם אש
10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè, epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
פרימו מארץ תאבד וזרעם מבני אדם
11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.
כי-נטו עליך רעה חשבו מזמה בל-יוכלו
12 Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.
כי תשיתמו שכם במיתריך תכונן על-פניהם
13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.
רומה יהוה בעזך נשירה ונזמרה גבורתך

< Sòm 21 >