< Sòm 2 >

1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, e pèp yo fòmante yon vye bagay?
Wherefore do nations rage, and people meditate a vain thing?
2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:
The kings of the earth raise themselves up, and rulers take counsel together, against the Lord, and against his anointed:
3 “Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!”
“Let us break asunder their bands, and cast away from us their cords.”
4 (Sila) ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo.
He who dwelleth in the heavens will laugh: the Lord will hold them in derision.
5 Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li. Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
Then will he speak unto them in his anger, and in his displeasure will he terrify them.
6 Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.
[Saying, ] Yet have I appointed my king upon Zion my holy mount.
7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.
I will announce the decree, the Lord hath said unto me, “My son art thou: I have indeed this day begotten thee.
8 Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou.
Ask it of me, and I will give thee nations for an inheritance, and for thy possession the uttermost ends of the earth.
9 Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.”
Thou shalt break them with a rod of iron; like a potter's vessel shalt thou dash them in pieces.”
10 Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo.
And now, O ye kings, be wise: take warning, ye judges of the earth.
11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman.
Serve the Lord with fear, and rejoice with trembling.
12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout (sila) ki kache nan Li.
Do homage to the son, lest he be angry, and ye be lost on the way; for his wrath is so speedily kindled. Happy are all they that put their trust in him.

< Sòm 2 >