< Sòm 18 >

1 Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di: Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan (sila) mwen jwenn pwoteksyon an.
Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
3 Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.
Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
4 Kòd lanmò yo te antoure mwen. Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.
Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
5 Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen; pèlen lanmò yo te parèt devan m. (Sheol h7585)
Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. (Sheol h7585)
6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.
Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
7 Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.
Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
8 Lafimen te sòti nan nen L. Dife a devoran te soti nan bouch Li. Chalè li te limen chabon.
Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.
9 Anplis, Li te bese syèl la e te desann avèk fènwa byen pwès anba pye Li.
Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
10 Li te monte sou yon cheriben, e te vole; Li te vole sou zèl a van yo.
Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.
11 Li te sèvi fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L. Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.
Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.
12 Soti nan gran klate devan L, gwo nwaj pwès Li yo, Lagrèl avèk chabon dife te pase.
Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.
13 Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo. Pi Pwisan an te fè vwa l sone: wòch lagrèl yo avèk chabon dife.
Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
14 Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.
Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
15 Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.
Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
16 Li te voye soti an wo. Li te pran m. Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a.
17 Li te delivre mwen nan men advèsè mwen byen fò; de (sila) yo ki te rayi mwen yo, paske yo te twò fò pou mwen.
Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'.
18 Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen, men SENYÈ a te pwotèj mwen.
Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'.
19 Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.
Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen.
20 SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
21 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a, epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.
Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.
22 Paske tout òdonans Li yo te devan m. Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.
Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
23 Anplis, mwen te toujou san fot devan L, e mwen te rete lib de inikite m.
Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
24 Pou sa, SENYÈ a te fè m rekonpans selon ladwati mwen, selon men pwòp ke Li te wè yo.
Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
25 Avèk (sila) ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon. Avèk (sila) ki san fot, Ou vin parèt san fot.
Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
26 Avèk (sila) ki san tach, Ou montre li san tach Ou. Epi avèk (sila) ki kwochi a, Ou parèt koken.
Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
27 Paske Ou sove yon pèp aflije, men (sila) ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.
Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
28 Paske SENYÈ a va lime lanp mwen. Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.
Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.
29 Paske avèk Ou, mwen kapab kouri sou yon ekip lame. Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.
Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
30 Pou Bondye, chemen Li san fot. Pawòl SENYÈ a pase a leprèv. Li se yon boukliye pou tout moun k ap pran sekou nan Li.
Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
31 Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a? Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?
32 Bondye ki mare senti m ak fòs, epi fè chemen mwen san fot la?
Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch.
33 Li fè pye m yo vin tankou sèf, epi fè m vin plase kote ki wo yo.
Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe.
34 Li antrene men m pou batay la, jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.
Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
35 Anplis, Ou te ban mwen boukliye sali Ou e men dwat Ou te ban soutyen. Se bonte Ou ki fè m gran.
Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.
36 Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.
Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
37 Mwen te kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo. Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.
Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.
38 Mwen va frape yo jiskaske yo pa kab leve. Yo va tonbe anba pye mwen.
Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.
39 Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m (sila) ki te leve kont mwen yo.
Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.
40 Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen; konsa mwen te detwi (sila) ki te rayi mwen yo.
Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.
41 Yo te kriye sekou, men pa t gen moun pou sove yo; menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
42 Mwen te bat yo kraze fen tankou pousyè devan van; mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.
Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.
43 Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli; Ou te plase mwen kon chèf an tèt a nasyon yo; Yon pèp ke m pa menm konnen, se sèvitè mwen yo ye.
Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
44 Depi yo tande, yo obeyi mwen. Etranje yo soumèt devan m.
Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:
45 Etranje yo vin disparèt devan m, epi vin sòti tranblan nan fò yo.
Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
46 SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an. Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.
Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
47 Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.
Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
48 Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de (sila) ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
49 Pou sa, mwen va bay remèsiman a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ, epi mwen va chante lwanj a non Ou.
Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.
50 Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.
Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

< Sòm 18 >