< Sòm 17 >
1 Yon Priyè a David Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
Oración de David. Oye, oh SEÑOR, justicia; está atento a mi clamor; escucha mi oración hecha sin labios de engaño.
2 Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou; Kite zye Ou gade avèk jistis.
De delante de tu rostro salga mi juicio; vean tus ojos la rectitud.
3 Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Tú has probado mi corazón, me has visitado de noche; me has refinado, y nada inicuo hallaste; lo que pensé, no pasó mi boca.
4 Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo, Mwen te evite chemen a vyolan yo.
Para las obras humanas, por la palabra de tus labios yo observé los caminos del violento.
5 Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise.
Sustenta mis pasos en tus caminos, para que mis pies no resbalen.
6 Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo.
Yo te he invocado, por cuanto tú me oyes, oh Dios: Inclina a mí tu oído, escucha mi palabra.
7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a (sila) ki kache nan men dwat Ou yo, kont (sila) ki leve kont yo.
Haz maravillosas tus misericordias, salvador de los que en ti confían, de los que se levantan contra tu diestra.
8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou. Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
Guárdame como lo negro de la niña del ojo, escóndeme con la sombra de tus alas.
9 kont mechan ki depouye m yo, lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
De delante de los malos que me oprimieron, de mis enemigos que me cercan por la vida.
10 Yo fin fèmen kè rèd yo. Avèk bouch yo, yo pale awogans.
Cerrados están con su grosura; con su boca hablan soberbiamente.
11 Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache. Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.
Nuestros pasos nos han cercado ahora; puestos tienen sus ojos para echarnos por tierra.
12 Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa.
Parecen al león que desea hacer presa, y al leoncillo que está escondido.
13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,
Levántate, oh SEÑOR; prevén su encuentro, póstrale; libra mi alma del malo con tu espada;
14 Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a (sila) Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.
de los hombres con tu mano, oh SEÑOR, de los hombres de mundo, cuya parte es en esta vida, y cuyo vientre está lleno de tu despensa: sacian a sus hijos, y dejan el resto a su familia.
15 Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.
Yo en justicia veré tu rostro; seré saciado cuando despertaré a tu semejanza.