< Sòm 16 >

1 Yon Sòm David Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.
Proteggimi, o Dio: in te mi rifugio. Miktam. Di Davide.
2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen. Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
Ho detto a Dio: «Sei tu il mio Signore, senza di te non ho alcun bene».
3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
Per i santi, che sono sulla terra, uomini nobili, è tutto il mio amore.
4 Doulè a (sila) ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante; Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo, ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.
Si affrettino altri a costruire idoli: io non spanderò le loro libazioni di sangue né pronunzierò con le mie labbra i loro nomi.
5 SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
Il Signore è mia parte di eredità e mio calice: nelle tue mani è la mia vita.
6 Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen. Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
Per me la sorte è caduta su luoghi deliziosi, è magnifica la mia eredità.
7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la. Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
Benedico il Signore che mi ha dato consiglio; anche di notte il mio cuore mi istruisce.
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
Io pongo sempre innanzi a me il Signore, sta alla mia destra, non posso vacillare.
9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje.
Di questo gioisce il mio cuore, esulta la mia anima; anche il mio corpo riposa al sicuro,
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt (Sila) Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti. (Sheol h7585)
perché non abbandonerai la mia vita nel sepolcro, né lascerai che il tuo santo veda la corruzione. (Sheol h7585)
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
Mi indicherai il sentiero della vita, gioia piena nella tua presenza, dolcezza senza fine alla tua destra.

< Sòm 16 >