< Sòm 150 >

1 Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!
خدا را ستایش کنید! او را در خانهٔ مقدّسش ستایش کنید! توانایی او را در آسمانها ستایش کنید!
2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li!
او را به سبب کارهای عظیمش ستایش کنید! عظمت بی‌نظیر او را ستایش کنید!
3 Louwe Li ak son twonpèt la! Louwe Li ak ap avèk gita!
او را با نغمهٔ سُرنا ستایش کنید! او را با بربط و عود ستایش کنید!
4 Louwe Li ak tanbouren ak dans! Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!
او را با دف و رقص ستایش کنید! او را با سازهای زهی و نی ستایش کنید!
5 Louwe Li ak senbal byen fò! Louwe Li ak senbal k ap retanti!
او را با سنجهای خوش صدا و قوی ستایش کنید!
6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!
هر که جان در بدن دارد خداوند را ستایش کند! خداوند را سپاس باد!

< Sòm 150 >